Subscribe to Updates
Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.
Author: Luckson Saint-Vil
Pati politik “Alliance pour une Société sans Exclusion – ASE”, fè yon vizit samdi 14 mas 2026 la, nan komin Tomasik, depatman Sant. Pandan vizit sa a, plizyè reprezantan Direktwa Nasyonal la te prezan. Nan okazyon an, Prezidan pati a ansyen depite Ennery, Cholzer Chancy, te patisipe nan yon rankont echanj ak divès manm nan popilasyon lokal la. Aktivite sa a òganizasyon OJUDT te reyalize, te fèt nan lide pou etabli yon dyalòg ouvè sou enkyetid kominote a, defi yap fè fas nan komin nan, epi pèspektiv devloman pou rejyon an. Pandan rankont lan, patisipan yo te pwofite pataje lide…
Enspeksyon Jeneral Finans an Ayiti selebre, madi 17 mas 2026 la, 20e anivèsè kreyasyon yo. Nan sans sa a, gen yon seremoni ki òganize, an prezans plizyè pèsonalite tankou Premye minis Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé, Minis Ekonomi ak Finans lan Serge Gabriel Colin, Reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, Carlos Gabriel Ruiz-Massieu… pou n site sa yo sèlman. « 20 ans d’engagement au service de la bonne gouvernance et de la lutte contre la corruption », se sou tèm sa a selebrasyon sa dewoule. Nan diskou li, Premye minis lan rann omaj ak IGF, ki se yon enstitisyon…
Antrenè seleksyon nasyonal Ayisyèn foutbòl senyò a, Sebastien Migné, konfime jwè entènasyonal Wilson Isidor dakò vin jwe pou Ayiti, aprè plizyè mwa echanj. Antrenè a ki tap patisipe nan yon konferans pou laprè “a distans”, madi 17 mas 2026 la, fè konnen Franko-Ayisyen an fè pati lis jwè kap gen pou jwe 2 pwochen match amikal, 28 ak 31 mas kap vini la nan peyi Kanada. “Chè zanmi, frè ak sè Ayisyen mwen yo. Mwen ekri nou jodi a pou m anonse nou, mwen pran desizyon m pou reponn pozitivman ak apèl ekip nasyonal la. Mwen te pran tan pou…
Aksyon sa pase nan zòn West Bloomfield, rejyon Oakland, Michigan, vè 1:00 nan aprèmidi, jedi 12 mas 2026 la. Se yon gason ki tap kondui yon machin, ki atake Tanp Izrayèl sa a, kote li fonse machin nan sou pòt rantre prensipal batiman an. Ajan sekirite batiman an tire sou machin nan, ki ta pral eksploze aprè. Sispèk la mouri, se sa otorite yo rapòte. Lapolis ki di endividi a te gen zam nan men l, fè konnen aksyon an sanble yon tantativ atak pou l te tire sou espas la. Biwo polis nan zòn nan eksplike, yo te tande…
Pou yon dezyèm jounen youn dèyè lòt, ansyèn Premyè Dam Ayisyèn nan Martine Moïse temwanye, mèkredi 11 mas 2026 la, nan kad pwosè federal ki lanse kont 4 endividi nan Sid Florida, ki akize paske yo te enplike nan asasina Jovenel Moïse. Pandan lap temwanye devan Lakou federal Miami, Mme Moïse bay yon temwanyaj tèt chaje, e pafwa li te eseye bay eksplikasyon sou atak ki fèt nan mwa jiyè 2021 an sou mari li anndan lakay li. Ansyèn Premyè Dam nan pandan entèvansyon li an, akize dirèkteman ansyen Prezidan Michel Martelly ak ansyen Premye minis Ariel Henry, kòm moun…
Nan yon kominike Primature de la République d’Haïti mete deyò, mèkredi 11 mas 2026 la, yo fè konnen rankont sa te dewoule sitou sou pwogrè kap fèt nan retabli sekirite an Ayiti atravè Fòs Represyon Gang yo, men tou, eta avansman preparasyon yo pou òganizasyon pwochèn eleksyon yo. Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak Minis Afè Etranjè Raina Forbin, te chita pale ak M. Albert Ramdin Sekretè Jeneral OEA, sou nesesite pou òganizasyon travay nan 2 domèn sa yo (sekirite ak ekeksyon), epi pote yon sipò teknik ak otorite Ayisyèn yo.
“ONU Femme” ap òganize soti 9 pou rive 19 mas 2026 la, 70e sesyon komisyon sou kondisyon fanm, nan syèj nasyonazini nan New York. Reprezantan divès Eta manm, antite nasyonzini ak òganizasyon non-gouvènmantal ki akredite nan ECOSOC nan tout rejyon nan mond lan, ap patisipe. Pami moun ki envite nan kad gwo evènman sa a, gen 3 fanm Ayisyèn. Derline Sénat ki se jounalis epi kominikatris, Laetisia Belizaire, diplomat e konsiltant nan pwotokòl entenasyonal, epi Nelie J. Delmazin ki nan domèn “business administration”, se non 3 fanm sa yo kap patisipe nan 70e edisyon sa a. “Garanti epi ranfòse aksè…
Avèk yon wòb koulè nwa sou li, Madan ansyen Prezidan Ayisyen asasinen an te tonbe kriye, aprè li fin tande temwanyaj temwen vedèt gouvènman ameriken an fè kont 4 endividi nan Sid Florida ki deja jije paske yo te konplote pout iye mari li, sa gen plis pase 4 lane. « Mwen se Martine Moïse. Mwen se Madan Jovenel Moïse, ki te asasinen lakay li. Map tann depi lontan. Sa fè plis pase 4 lane. Padone m si nou wè map kriye », deklarasyon ansyèn Premyè Dam nan devan tribinal federal nan Miami, ki tap eksprime li avèk sipò yon…
Se Minis espò peyi Iran an ki anonse nouvèl la, mèkredi 11 mas 2026 la. Daprè sa Ahmad Donyamali di, gouvènman Iranyen an pran desizyon pa patisipe nan mondyal 2026 la ankò, akoz frap ayeryèn peyi Etazini ak Izrayèl ap lage sou peyi yo. « Kòm gouvènman kowonpi sa a asasinen dirijan nou, pa gen okenn kondisyon ki pèmèt nou patisipe nan mondyal la », se deklarasyon Minis Donyamali, kap fè referans a Ayatollah Ali Khamenei. Iran anonse nouvèl sa a, aprè Prezidan ameriken an Donald Trump te fin di FIFA li pa gen okenn pwoblèm pou Iranyen yo vin…
Premye minis Ayisyen an ki twouvel nan peyi Chili, pou envestiti nouvo Prezidan Chilyen an, kòmanse fè divès rankont. Avan menm jounen envestiti sa a, Alix Didier Fils-Aimé chita pale ak nouvo Chèf leta Chili a, José Antonio Kast. Echanj yo te dewoule sou kesyon ranfòsman relasyon bilateral ant Repiblik Dayiti ak Repiblik Chili, nan yon lespri amitye, solidarite ak kooperasyon benefis pou toulède peyi yo. “2 pati yo mete aksan sou enpòtans pou apwofondi kolaborasyon nan plizyè domèn enterè yo gen ansanm, tankou kooperasyon diplomatik, echanj ekonomik, mobilite akademik ak pwofesyonèl, men tou, dyalòg politik rejyonal”, se sa Primati…
