Author: Luckson Saint-Vil

Depite 17e Distrik New York la ki toujou pran pozisyon anfavè imigran Ayisyen, soti yon nòt maten madi 3 fevriye 2026 la, pou li adrese li ak kominote Ayisyèn nan, men tou pou salye desizyon jij Ana C. Reyes la. « Ayisyen benefisyè TPS yo esansyèl pou sistèm sante nou an. Yo se fòs travay nan sektè transpò ak ti antrepriz yo ki nan Vale Hudson », se sa Rep. Mike Lawler ekri. Palmantè di lap kontinye defann kòz Ayisyen yo, jiskaske gen yon solisyon dirab ki jwenn, e ki ka reflete reyalite sou teren an Ayiti. Daprè depite Repibliken…

Read More

Se konfime. Matiado Vilmè la pèdi batay li tap mennen kont kansè a. Matiadio Vilmé mouri 1e fevriye 2026, e se Papa li Ylrick Vilmé ki anonse sa nan mikwo Passion Info Plus. “Ah ! Li ale…”, se sa Papa a deklare, avèk yon vwa dezole. Jounalis la vin rann dènye souf li nan zòn Doco Petyonvil, kote paran l ap viv, aprè li fin pase 7 mwa lopital nan peyi Meksik. Doktè yo di yo paka fè anyen pou li. Lè Mati rive Pòtoprens, pwòch li te mennen li nan lopital lapè, men yo di yo paka resevwa l.…

Read More