Nan yon deklarasyon Pap Léon XIV fè semèn pase, li te kondane atak kap fèt sou batiman sivil yo nan peyi Iran, e mande Prezidan ameriken an pou kanpe gè a, epi fè lapè. Nan deklarasyon sa a, Chèf legliz katolik la ki se yon sitwayen ameriken, te tou pwofite kritike politik imigrasyon administrasyon Trump lan.
Donald Trump reponn Pap la : « Mwen pa panse lap fè yon bon travay. Mwen sipoze li renmen KRIM. Nou pa renmen yon Pap ki pral di li akseptab pou yon peyi gen zam nikleyè. Nou pa vle yon Pap kap di kriminalite se yon bagay akseptab nan vil nou yo. Mpa renmen sa ». Trump fè konnen li pa yon gwo fanatik Pap Léon, e li prezante l kòm yon moun ki fèb nan dosye krim ak politik etranjè.
Prezidan an kontinye pou l di, Pap Léon XIV ta dwe rekonesan paske se te yon sipriz pou tout moun lè li vin Pap. « Li pat sou okenn lis pou vin Pap, e legliz te mete l la paske li se yon ameriken. Si m pat nan Mezon Blanch, Leon patap nan Vatican », se sa Prezidan an deklare.
Pap la pa pran tan pou reponn. Anndan avyon pou ale Algerie nan kad yon vire won nan divès peyi an Afrik, lendi 13 avril 2026 la, Léon XIV deklare, e nap site : « Mwen pa pè administrasyon Trump lan, e mwen pa pè pale byen fò de mesaj levanjil la, e sa mwen menm ak legliz kwè ki pou fèt ».
Pap la fè konnen li pa politisyen, sa vle di li pap trete koze politik etranjè, men li kwè nan mesaj levanjil la kòm pasifikatè.
Sous/NBC News.-

