Author: Luckson Saint-Vil

Li rele Jean Jacques Rolando. Li gen 24 lane. Lap viv Jakmèl. Si w sou rezo sosyal Ayisyen an, li difisil pou w pa tonbe sou videyo li, oubyen tande vwa l nan yon videyo “challenge”. “Manti ! Nou pap pran may sa FAKE ! Pa ba nou may sa felikè…”, pawòl sa a toujou nan tout videyo li yo, pou dekri konpòtman divès kategori moun nan sosyete a. Nan yon echanj nou te genyen ak jèn komedyen Ayisyen an, li fè nou konnen lap fè modèl videyo sa yo depi janvye 2026. Fas ak reyaksyon odyans lan, Rolando tout…

Read More

Aprè yon vwayaj men longè soti an Afrik, Ariana Milagro Lafond rive an Ayiti, samdi 18 avril 2026, aprè li fin chanpyon 8e Edisyon House Of Challenge nan peyi Togo. Soti Sendomeng, pase Wanament pou rive Okap, enfliyansez Ayisyèn nan ki te gen ak li 2 prensipal inisyatè konkou a ki se Jojo ak Bovan, te resevwa yon akèy san parèy. Nan Wanament, yon foul moun melanje ak fanfa, te mobilize pout e ka wè jèn fi sa ki sot leve drapo Ayiti a sou teritwa afriken an. Ariana te mete tèt li deyò nan machin li te ye a…

Read More

Gouvènman Ayisyen an anonse yo deplwaye 2 nouvo kamyon ponpye, youn nan ayewopò Okap, ak youn nan ayewopò Pòtoprens. Aksyon sa a, selon yon nòt Primati mete deyò, 11 avril 2026 la, rantre nan kad ranfòsman sekirite nan ayewopò yo. Ekip an plas la di demach sa enskri tou nan kad yon vizyon estratejik ki vle ranfòse gouvènans ibèn epi modènize enfrastrikti piblik yo. “Atravè Ministè TRavo Piblik, leta Ayisyen franchi yon etap enpòtan , lè yo mete nouvo kamyon anti-ensandi ak sovtaj sa yo an sèvis, pou prensipal ayewopò peyi a”, se sa Premye minis Ayisyen an Alix Didier…

Read More

Nan yon deklarasyon Pap Léon XIV fè semèn pase, li te kondane atak kap fèt sou batiman sivil yo nan peyi Iran, e mande Prezidan ameriken an pou kanpe gè a, epi fè lapè. Nan deklarasyon sa a, Chèf legliz katolik la ki se yon sitwayen ameriken, te tou pwofite kritike politik imigrasyon administrasyon Trump lan. Donald Trump reponn Pap la : « Mwen pa panse lap fè yon bon travay. Mwen sipoze li renmen KRIM. Nou pa renmen yon Pap ki pral di li akseptab pou yon peyi gen zam nikleyè. Nou pa vle yon Pap kap di kriminalite…

Read More

Li posib pou wap danse sou remix li yo, men ou pa konn si se li menm. Dènye remix challenge li ki viral sou rezo sosyal yo, se sa li te fè avèk vwa Ariana, ki tap mobilize pèp Ayisyen an pandan yon match, nan 8e Edisyon “House of Challenge”, nan peyi Togo, an Afrik. Moise Right Jeff Garry Fils, 26 lane, tout moun konnen sou non JeffBeatz sou rezo a, se youn nan jèn DJ epi Beatmaker ki chaje talan, e ki fè plis “HIT” nan kesyon mix challenge sou TikTok. Jèn sa yo itilize nenpòt deklarasyon, mizik, slogan…

Read More

Chèf gouvènman Ayisyen an di li vrèman tris aprè sak pase nan Citadelle Henry a nan Milot, samdi 11 avril 2026 la, pandan yon aktivite kiltirèl e touristik divès jèn tap fè. “Fas ak sitiyasyon douloure sa a, otorite nasyonal yo eksprime emosyon ak tristès yo. Gouvènman an adrese kondoleyans sensè yo ak fanmi viktim yo, e nou solidè avè yo nan moman dèy ak gran soufrans sa a”, se sa Premye minis lan ekri. Nan yon kominike li mete deyò, Alix Didier Fils-Aimé fè konnen tout otorite konpetan yo mobilize epi plase nan eta alèt maksimal, nan lide pou…

Read More

Yon gwo dram rive nan Citadelle Henry, nan zòn Bonnet-à-l’Évêque, samdi 11 avril 2026 la. Sa rive aprè yon bourara ki ta pral pwovoke malèz nan yon foul moun ki te vin patisipe nan yon fèt tradisyonèl sou sit istorik la. Se Direktè Depatman Pwoteksyon Sivil la Jean Henry Petit ki konfime enfòmasyon an, e fè konnen bilan sa toujou rete pwovizwa, e kapab vin pi lou akoz kantite moun ki disparèt. Plizyè dizèn moun ki blese, ap pran swen pou kounya nan diferan lopital nan rejyon an. Daprè premye eleman enfòmasyon ki soti bò kote otorite lokal ak pwoteksyon…

Read More

Yo te mobilize toupatou nan mond lan. Kèlkeswa kote yo te ye, nan lari, nan salon, sou galri, nan gwoup zanmi… Ayisyen yo te branche nan telefòn yo, pou swiv grand final 8e Edisyon “House of Challenge” ki òganize nan peyi Togo, samdi 11 avril 2026 la. Gras ak kado epi tout kalite sipò Ayisyen nan tout kat kwen mond lan, Ayiti bat Kamewoun 3-0, depi nan premye tranch match yo. “Ouvè wout yo pou mwen tanpri. Depoze zam yo. Fòk mwen pase a twofe a tout kote”, se sa Ariana Milagro Lafond deklare avan match la te fini. Se…

Read More

Yon gwoup lejislatè Repibliken ak Demokrat ap pouse yon pwojè lwa sou refòm imigrasyon ki ta bay plizyè milyon imigran san papye k ap viv Ozetazini yon chemen estriktire pou jwenn yon estati legal san yo pa ofri yo sitwayènte oswa amnisti. Pwojè sa a se Depite Repibliken María Elvira Salazar nan Florida ak kòlèg li Veronica Escobarte nan Texas, ki entwodui depi lane pase. Lejislasyon an, ke yo rele “The Dignity Act”, se pwopozisyon imigrasyon bipatizan ki pi konplè ki pase nan Kongrè a depi plizyè dizèn ane, epi moun ki patwone l yo diskite ke li adrese yon…

Read More

Se yon mobilizasyon san parèy. Chak jou, se yon lòt defi pou yon pakèt Ayisyen, ki jire fòk Ariana chanpyon nan 8e Edisyon “House of challenge” lan, kap dewoule nan peyi Togo, an Afrik. Soti nan jwèt sou tab, pase nan dans, match fas a fas sou TikTok… chak jou pote pwòp sispens pa yo. Sou rezo sosyal yo, Ayisyen tout laj, tout sektè, tout klas, pa deside rate yon match. Dèyè telefòn yo, yap sipòte fason yo kapab, pou pouse jèn enfliyansèz la rive jis nan final. Nan match fas a fas yo, sipòte yo pa neglije voye kado…

Read More