Subscribe to Updates
Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.
Author: Luckson Saint-Vil
Ofisyèlman, Pierre Réginald Boulos kite sant detansyon Chrome, Miami, byen bonè maten madi 7 avril 2026 la. Om dafè Ayisyen an deyò, kèk jou aprè jij imigrasyon Jorge Perreira fin bay yon òd depòtasyon pou li. Roudolph Boulos ki se frè konsène a, konfime nouvèl la, men pat an mezi pou di nan ki peyi li prale. Kolonbi ? Meksik ? Destinasyon final Boulos toujou pa klè. Sepandan, nan yon foto divès medya pataje, LSV Media Production pa rive verifye otantisite l, ou ka wè ansyen lidè pati politik MTV-Haiti a anndan yon avyon, kap souri, avèk yon dam chita…
Premye minis Ayisyen an ak divès manm nan gouvènman Ayisyen an, komemore 223e anivèsè lanmò Toussaint Louverture, madi 7 avril 2026 la, nan Pòtoprens. Aprè li fin depoze yon jèb flè nan pye moniman an ki twouvel anfas palè nasyonal sou channmas, epi re-limen flanm etènèl la, Alix Didier Fils-Aimé te livre yon mesaj istorik e politik. « Ayiti pa yon aksidan listwa, se yon zak fondatè », se sa Chèf gouvènman an deklare. Daprè yon kominike Primati mete deyò, evènman sa a se te okazyon pou M. Fils-Aimé salye memwa gwo gason sa a, ki gen yon eritaj ki…
Kèk jou aprè gouvènman Ayisyen an fin anonse ogmantasyon pri gaz la sou mache a, sitwayen kap viv nan Delmas ak zòn ki antoure l yo, lanse lendi 6 avril 2026 la, yon mouvman pwotestasyon, pou di yo pa dakò ak desizyon sa a. Barikad, kawotchou kap boule, machinn ki kanpe an kwa nan mitan lari, pwotestatè yo itilize tout mwayen pou fè pase revandikasyon yo. Yon sitiyasyon ki te lakoz gen gwo tansyon nan divès kote, espesyalman. devan Anbasad Kanada an Ayiti. Nan zòn tankou Wout Frè, Djoumbala… te gen mouvman pwotestasyon tou ki te siyale, toujou nan objektif…
Dans une ambiance conviviale et dynamique, l’activité « Yogann Ap Pedale » s’est imposée comme un rendez-vous incontournable pour les amateurs de cyclisme et les défenseurs d’un mode de vie sain. Organisé dans un esprit de solidarité et de partage, cet événement a su réunir des participants de tous horizons autour d’une passion commune : le vélo. Dès les premières heures de la journée, les rues se sont animées au rythme des pédales, tandis que des dizaines de cyclistes, vêtus aux couleurs de l’événement, se sont élancés avec enthousiasme. Plus qu’une simple balade, « Yogann Ap Pedale » se présente…
Toronto, Kanada. 30 Mas 2026. Ekip nasyonal foutbòl la nan kan konsantrasyon, avan match amikal yo kont Tinizi ak Islann. Nan koulwa rantre a, yon fanm kanpe. Jwè yo ap avanse sou li youn aprè lòt pou vin salye l. Akolad, souri, ti pawòl motivasyon ak ankourajman… ou pata di se yon Manman kap pale ak pitit li. Nan fason pa l, Monique André, 4 mwa aprè dènye rasanbleman ki te make listwa, tap montre ekip la yon lòt fwa ankò, li la avè yo, li la pou yo. Amoni ant Prezidant Komite Nòmalizasyon Federasyon Ayisyèn Foutbòl la ak jwè…
Gang ki fè pati baz « Gran Grif » nan Savien, atake epi touye plizyè sitwayen nan lokalite Jean-Denis, ki twouvel nan zòn Ti Rivyè (Latibonit), nan lannwit samdi 28 pou louvri dimanch 29 mas 2026 la. Aprè nouvèl atak tèt chaje sa a, poko gen yon chif ofisyèl sou kantite moun ki mouri vrèman. Si sèten otorite lokal yo pale de 70 mò pou pi piti, lapolis bò kote pa l pale de 16. « Mwen jwenn enfòmasyon ki fè mwen ka di, gen 70 moun ki mouri. Sepandan, gen plis viktim pase sa. Gen moun ki rete bloke anndan lakay…
Kontrèman a sa kap sikile sou rezo sosyal yo, gouvènman Ayisyen an atravè Ministè Komès ak Endistri, fè tout popilasyon an konnen, « pa gen okenn pwoblèm gaz sou mache nasyonal la ». Sou enstriksyon Premye minis Alix Didier Fils Aimé, gen enspektè Ministè Komès ak Endistri ki mennen yon operasyon enspeksyon, samdi 28 mas 2026 la, nan plizyè estasyon gaz nan Delmas, Tabarre, Petyonvil, ak lòt kote nan 2e sikonskripsyon Pòtoprens lan. Objektif la se pou verifye gen gaz disponib sou mache a. Operasyon sa yo pèmèt nou konfime ke gen gaz nan ponp yo, kontrèman a rimè kap…
Aprè plizyè mwa batay, Depite Ayanna Pressley jwenn 218 siyati nesesè a, pou fòse kòlèg li yo vote pou bay pwoteksyon ak Ayisyen ki anba TPS yo. Avèk 214 siyati Demokrat, 4 siyati Repibliken, petisyon an rive nan nivo pou jwenn yon vòt nan Chanm Reprezantan an. Reprezantan Ayanna Pressley nan Massachusetts te prezante rezolisyon an nan dat 18 desanm 2025, nan 119yèm Kongrè a. Atravè tèks sa a, palmantè a ap chache fòse yo konsidere HR 1689 la, ki ta egzije Sekretè Sekirite Enteryè ameriken an, deziyen Ayiti pou TPS jiska twa (3) mwa aprè 20 janvye 2029. Jwenn…
Anviwon 11 enfliyansè ap patisipe nan 8e Edisyon « House of Challenge Special Startup Afrique », kap fèt pandan prèske yon (1) mwa, nan peyi Togo (Afrik). Pami enfliyansè ak TikTokè ki prezan nan evènman sa a, nou jwenn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond. Pandan aktivite sa a, ap gen anpil konpetisyon, ki pral mete jèn yo nan konpetisyon. Ariana ki gen plis pase 14 milyon kap swiv li sou TikTok, pote drapo Ayisyen an sou teritwa Afriken an, avèk objektif pou ranpòte « challenge » sa a, kote moun ki genyen an ap jwenn 15 milyon fran CFA (anviwon 25,000…
Jèn Ayisyèn Abigaïl Alexandre soti loreya final “Internationale Eloquentia 2026”, nan peyi Lafrans. Jèn Jakmelyèn 21 lane a resevwa pri sa a, nan kad yon seremoni ki fèt nan “La Seine Musicale”, nan vil Paris, mèkredi 25 mas 2026 la, an prezans 4,000 moun ki te fè deplasman. Abigaïl chanpyon pami 2,400 kandida ki te patisipe, avèk pledwari li ki te fèt sou entèlijans atifisyèl. “L’IA creuse-t-elle les inégalités ?”, se sou tèm sa jèn demwazèl la te pran lapawòl, e te kapte atansyon tout piblik la, nan fason li pale, e devlope sijè a. Internationale Eloquentia, se pi gwo…
