Subscribe to Updates
Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.
Author: Luckson Saint-Vil
Sèvis Imigrasyon amerikèn anonse, mèkredi 25 mas 2026 la, yon mizajou nan sistèm « E-Verify » la, konsènan benefisyè TPS Ayisyen yo. Nan mizajou sa a, USCIS mande tout konpayi/antrepriz amerikèn ki gen migran ki anba TPS kòm anplwaye, pou konsidere dat ekspirasyon kat travay moun sa yo se pou jiska 1e jiyè 2026. Avèk mizajou sa a, moun TPS yo ka kontinye travay jiska dat sa a, e yap kapab renouvle lisans yo tou jiska menm delè sa. Desizyon sa anonse, annatandan òdonans Lakou Siprèm sou dosye a, ki ka vini ant finisman mwa jen, a kòmansman mwa jiyè,…
Tchad, yon peyi an Afrik, sou wout voye polisye ak militè nan Pòtoprens, nan kad deplwaman Fòs Represyon Gang yo (FRG), an Ayiti. Daprè sa medya RFI rapòte, madi 24 mas 2026 la, deplwaman sòlda Tchadyen yo ap demare nan kòmansman mwa avril 2026. 750 militè Tchadyen pral deplwaye. Yo ta dwe rejwenn fòs la an Ayiti, nan kad batay kap mennen kont gang yo sou teren an. Yon premye deplwaman ap gen pou fèt nan finisman mwa mas, avèk 50 sòlda ki soti nan jeni militè. Sòlda sa yo se elektrisyen, plonbye ak bòs chapant… Yap voye yo Ayiti…
Plizyè chèf polis nan Florida deside pran distans yo ak Gouvènè Eta a Ron DeSantis, sou kesyon operasyon pou arete imigran san papye, e pote sipò yo pito a sila kap mande pou regilarize sèten nan moun sa yo (imigran). Yon gwoup responsab polis ki se manm komite ki chaje pou aplike lalwa sou imigrasyon nan Eta a, kritike mezi gouvènman federal la pran pou fè yon depòtasyon “an mas” nan peyi a. Sèten manm nan komite sa a, ki gen ladann 4 sheriff ak 4 chèf polis minisipal, fè konnen imigran ki pa kriminèl yo, ta dwe kapab rete…
Divès patnè ki enplike nan finansman eleksyon jeneral 2026 yo an Ayiti, kòmanse mobilize. Nan sans sa a, yon gwo rankont estratejik òganize lendi 23 mas 2026 la nan Pòtoprens, kote Premye minis Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé fè prezantasyon bidjè a. Divès aktè tankou Konsèy Elektoral Pwovizwa, reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini, patnè teknik ak finansye tankou PNUD, UNOPS ak OEA, yo tout te patisipe nan seremoni prezantasyon sa a. Reyinyon sa a, daprè sa Primati presize, rantre nan kad travay “Task Force” nasyonal sou eleksyon yo, e li montre tou detèminasyon otorite nasyonal yo pou mennen peyi a sou…
Responsab kesyon fwontyè nan administrasyon Trump lan, Tom Homan, nan kad 2 entèvyou li bay sou CNN ak Fox News, dimanch 22 mas 2026 la, konfime gen ajan ICE kap deplwaye nan ayewopò yo Ozetazini, jan Prezidan an te vle sa. « Nap elabore yon plan jodi a ak Direktè pa enterim ICE la, Todd Lyons, epi Administratris pa enterim TSA a Ha Nguyen McNeill, pou nou ka detèmine ki pòs ki pi apwoproye pou ajan yo nan ayewopò yo. Plan sa ap finalize jodi dimanch lan, e lap kòmanse aplike lendi », se sa M. Homan deklare. Sepandan, responsab…
Milyadè Elon Musk pwopoze pou pran responsabilite peye salè tout ajan TSA, pandan DHS gen pwoblèm bidjè a. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, samdi 21 mas 2026 la, pwopriyetè TESLA fè konnen li swete fè sa a, paske l di pwoblèm bidjè sa a afekte negativman lavi ameriken yo nan tout ayewopò atravè peyi a. « Ajan nou yo ap soufri », se sa Adam Stahl, administratè adjwen pa enterim TSA a deklare, nan kòmansman semèn nan. M. Stahl di gen sèten anplwaye kap dòmi nan machin, e gen lòt kap fè “don de sang” pou…
Sa fè plis 35 jou depi ajan Transportation Security Administration (TSA) ap travay san touche nan tout ayewopò yo Ozetazini. Anplwaye sa yo pa touche paske Depatman Sekirite Enteryè ki se antite federal ki jere ajans sa a, gen pwoblèm bidjè ase. Akoz de sa, anpil anplwaye TSA rele di yo pap vin travay, sa ki vin fè gen liy men longè nan espas kontwòl sekirite yo, kote vwayajè yo ap pase nenpòt 2zèd tan nan liy. Jodi samdi 21 mas 2026 la, Prezidan ameriken an deside rantre bouch li nan koze a, e menase pou itilize lòt mwayen pou…
Nouvo Responsab Depatman Sekirite Enteryè nome a temwanye devan komisyon sekirite enteryè Sena ameriken an, kèk jou aprè administrasyon Trump lan fin nome li nan plas Kristi Noem. Devan palmantè yo, Markwayne Mullin pwomèt yon pi bon apwòch nan koze aplikasyon lalwa sou imigrasyon. Parapò a tout kritik ki genyen sou fason ajan ICE ap aji sou teren an, M. Mullin di, li klèman pale a tout pèsonèl nan DHS, pou avèti yo, yo paka rantre lakay moun si yo pa gen manda jidisyè nan men yo. Nouvo responsab Depatman Sekirite Enteryè nome a fè konnen, yon sèl fason ajan…
Ajan FBI ki anchaj ankèt sou asasina Prezidan Ayisyen an Jovenel Moïse deklare, lendi 16 mas 2026 la devan yon tribinal federal Miami, yo pat janm pran okenn anprent dijital, ni echantiyon AND sou sèn krim nan, sa gen 4 lane. « Nou te fè tout sa nou kapab pandan nou te sou plas, men tan pat jwe anfavè nou », se sa ajan espesyal FBI la, Martin Suarez, fè jij yo konnen. Daprè sa medya Miami Herald rapòte, M. Suarez di lè li menm ak ekip anketè FBI yo te rive nan kay la 8 jou aprè asasina a,…
Osnel Espérance (Radio-Télé Uni FM) ak Junior Célestin (Radio-Télé Megastar). Se non 2 jounalis sa yo ki disparèt depi 13 mas 2026, nan Pòtoprens. Enfòmasyon ki disponib fè konnen se ta gang ak zam ki afilye a kowalisyon kriminèl « Viv Ansanm » ki kidnape yo, san yo pa rantre an kontak a fanmi yo. Nan yon konferans pou laprès fanmi yo bay, lendi 16 mas 2026 la, yo fè konnen yo endiye, e gen gwo enkyetid aprè kidnapping sa a. « Map priye nou an gras. Si jounalis yo koupab de yon bagay, map mande nou padon pou yo…
