Author: Luckson Saint-Vil

Nan desizyon li an, jij federal nan Washington Royce C. Lamberth fè konnen Kari Lake ap egzèse ilegalman pòs Direktris Jeneral Ajans Amerikèn pou Medya Mondyal yo (USAGM), ki la pou sipèvize Voice of America (VOA). Nan yon avi 17 paj jij la rann, samdi 7 mas 2026 la, jij Lamberth tranche anfavè gwoup anplwaye ki te pouswiv Mme Lake nan lajistis ane pase. “Tribinal la estime kantite aksyon ki poze pou Mme Lake vin dirije USAGM nan, se te yon tantativ ilegal”, se sa jij la ekri. Majistra a di, nominasyon Kari Lake nan tèt USAGM nan te fèt…

Read More

3:10 pm • 8 Avril 2026 24èd tan aprè Etazini ak Iran anonse yo sou wout jwenn yon akò, bagay la gate ankò, akoz peyi Izrayèl kontinye frape Liban. Jodi mèkredi 8 avril 2026, lame an Izrayèl lanse divès bonb sou Beyrouth, kapital Liban, e lakoz anpil dega. Bilan pwovizwa : plis pase 250 moun mouri, plizyè santè blese ak divès batiman kraze. Fas ak reprezay sa a Izrayelyen yo kontinye a, Iran di lap riposte, e anonse yo rebloke “Detroit d’Ormuz ankò, pou anpeche bato pase, se sa plizyè medya Iranyen rapòte. Daprè otorite yo nan Izrayèl, trèv ki…

Read More

24èd tan aprè Prezidan ameriken an fin deklare ke gouvènman li an pap negosye ak Iran, ebyen otorite Iranyèn yo di yo menm yo pa bezwen negosye ak Ameriken. Masoud Pezeshkian, Prezidan peyi Iran an pale klè : « Nou pap janm met ajenou, paske lame nou ap kontinye frape ak Izrayèl ». Minis Afè Etranjè a li menm, reponn Donald Trump, ki pa ekate posiblite pou ta voye twoup amerikèn sou teren an. « Peyi nou prè pou yon envazyon tèrès, twoup amerikèn yo. Nou pare. Nap tann yo », deklarasyon Abbas Araghchi, nan yon entèvyou ekskliziv li bay…

Read More

Daprè sa medya NBC News rapòte, petwòl brit ameriken an anrejistre yon ogmantasyon tèt chaje semèn sa a. Sèlman pou vandredi 6 mas 2026 la, pri a rive a plis pase 12% pou atenn plis pase 91 dola pa baril, pri ki pi wo depi finisman lane 2022. Nan sèten Eta ameriken, gaz la rive jiska prèske 4 dola, e menm 5 dola galon nan ponp yo. Selon analis yo, pri a konnen yon ogmantasyon jiska 35%, sa ki fè anpil sitwayen kòmanse plenyen, menm sila yo ki te vote Donald Trump kòm Prezidan. Bò kote pal, Prezidan ameriken an…

Read More

Nan yon konvèsasyon ekskliziv li te genyen ak NBC News, Prezidan ameriken an di li pat kontan parapò a lajan ansyen Chèf DHS la te depanse nan kanpay piblisitè pou mande migran san papye depòte tèt yo poukont yo. 220 milyon dola sa a, daprè sa Donald Trump di medya ameriken an, li pat janm siyen pou li. Alòske Prezidan an di li pat janm siyen pou lajan sa depanse, Kristi Noem te deklare devan palmantè ameriken yo : “Trump okouran de depans sa a”. Yon bagay ki deranje Chèf Lamezon Blanch lan anpil. « Mwen pat kontan sou pwen…

Read More

Daprè sa Miami Herald rapòte, dènye pwolongasyon sa ap rete an plas pou jiska 3 septanm 2026. Anplis de entèdiksyon sou kapital la, Pòtoprens, ki nan depatman Lwès, Sèvis Avyasyon Amerikèn ajoute sèten pati nan Sid, Sant, ansanm ak rejyon Latibonit la. “Gang yo chak jou pi plis, ap fè atak vyolan nan depatman Latibonit, ak nan zòn Nò kapital la, sa ki nesesite yon ajisteman nan espas sa yo, kote operasyon avyasyon sivil amerikèn yo oblije entèdi”, se sa FAA ekri nan yon avi revize yo pibliye semèn sa a. Otorite amerikèn yo di, zòn kote gang yo ap…

Read More

Ayisyen sa a rele Emmanuel Damas. Li gen 56 lane. Li te nan “Arizona Immigration Detention Center”. Li tap soufri avèk yon enfeksyon nan dan, ki pat trete. Nan mitan mwa fevriye 2026 la, li te di responsab yo nan sant lan, dan li ap fèm mal, men yo pat janm voye li al wè dantis li. Emmanuel pral mouri lopital, lendi 2 mas 2026, aprè enfeksyon sa a. Frè viktim nan, Presly Nelson di ABC News, sa pase paske anplwaye sant detansyon an pat pran pawòl sa a oserye. Nelson di jan frè l la mouri a dwòl, e…

Read More

Pandan yon sèl jounen, tout nouvo minis nan gouvènman an enstale nan pòs yo. Se te veritab maraton, mèkredi 4 mas 2026 la. Ofisyèl, anplwaye leta, militan politik, jounalis, te gen anpil aktivite nan bwat leta yo. Pami tout entalasyon sa yo, Premye minis lan te dirije 4. Mario Andresol nan Ministè Defans, Sandra Paulémont nan Ministè Planifikasyon ak Kooperasyon Ekstèn, Raina Forbin nan Ministè Afè Etranjè, epi Vijonet Demero nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl. Tout minis sa yo pwomèt na diskou yo, pou pote chanjman nan sektè yo pral evolye yo. Premye minis lan Alix Didier Fils-Aimé…

Read More

Aprè li fin bay nouvo minis yo anpliyasyon yo, Alix Didier Fils-Aimé te pran lapawòl nan kad yon seremoni solanèl ki te òganize nan “Villa d’Acceuil”. Nan diskou li, Chèf gouvènman an salye sans angajman ak espri depasman tout manm gouvènman ki te la avan yo, li di ki te travay nan yon kontèks kriz patikilyèman difisil. « Konpatriyòt mwen yo, seremoni jodia pa yon senp chanjman, se rezilta yon angajman politik ki sòti nan Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon eleksyon. Pak sa se prèv lè Peyi a an danje nou kapab mete tout diferans nou de kote pou…

Read More

Sekretè Deta renouvle menm deklarasyon Prezidan an te fè kote l te di ofansiv yo ap vin pi fò nan gè kont Iran an. « Mwen pap devwale detay sou jefò taktik nou yo, men kou ki pi di lame amerikèn genyen yo poko vini. Pwochèn faz la ap pi rèd pou Iran, ke jan l ye la », se sa Marco Rubio deklare, avan patisipasyon l nan yon rankont enfòmasyon avèk palmantè yo, madi 3 mas 2026 la. Rubio di jounalis yo, gen yon gwo menas bò kote Iran. Sepandan, li pa bay kalandriye presi pou konfli a, pandan…

Read More