Author: Luckson Saint-Vil

José Manuel Albares, Minis Zafè Etranjè peyi Espay la, deklare lendi 2 mas 2026 la, si gouvènman an vle demokrasi, libète ak dwa fondamantal pou pèp Iranyen an,li paka pèmèt pou baz li itilize na kad aksyon militè ki gen la a. Minis Defans Espanyòl la Margarita Robles di sevre yo gen yon akò ak Etazini sou itilizasyon baz, men li di operasyon yo dwe konfòm ak kad jiridik entènasyonal yo. Prezidan ameriken an reponn li deklare, yo pat bezwen itilize baz Espanyòl yo tou. Sepandan, Donald Trump fè konnen si yo vle itilize l yo ka jis vole epi…

Read More

Se yon veritab demonstrasyon fòs. Depi 28 fevriye 2026, aprè Etazini ak Izrayèl fin atake Iran, epi touye lidè siprèm Iranyen an Ayatollah Ali Khamenei, chak kan ap bay frap, sible zòn estratejik, voye dwon, devye dwon, eksplozyon pasi pala… lis viktim yo ap ogmante.  Daprè ONG “Croissant-Rouge” Iranyèn, gen pou pi piti 555 moun ki mouri nan peyi Iran, e gen 131 vil ki touche. Nan Izrayèl, yo rapòte gen 11 moun pou pi piti ki mouri. Pandan tout sa yo ap rive, peyi Iran deklare yo pap negosye. Yon ofisyèl Iranyen di, Etazini franchi yon limyè wouj, lè…

Read More

Direksyon kominikasyon Lapolis la, nan yon nòt yo mete deyò, Dimanch 1e Mas 2026 la, fè konnen gen 6 bandi ki mòtèlman blese, nan kad yon dezyèm jounen entèvansyon sa nan zòn komin Kwadèboukè. Se yon bilan pwovizwa, si n kwè PNH la, ki di yo rive debare 4 espas ki te prèske bloke, epi deplase 2 machin blennde ki te bloke wout la. Operasyon sa a ki te mennen nan zòn Kafou Marassa, Duval ak Santo 25, te lanse blòk 9vè nan maten. Plizyè inite espesyalize tankou SWAT, UTAG, UDMO te patisipe nan operasyon sa a. Pou te rann…

Read More

Nan yon piblikasyon Prezidan ameriken an fè sou kont medya sosyal pèsonèl li “Thruth Social”, kèd èd tan aprè yo fin mete ansanm ak Izrayèl pou frape Iran, li menase pou frape pi fò, si responsab Iranyen yo riposte. Donald Trump voye yon mizangad bay Iran, ki continue ap voye misil nan divès peyi nan reyon “Mwayen-Oryan”, kote ki gen baz militè ameriken.  “Iran deklare yo pral frape trè fò jodi a. Pi fò ke avan. Li tap pi bon si l pa fè sa. Paske si se konsa yo fèl, nap frape yo avèk yon fòs yo pat janm…

Read More

Daprè sa medya espòtif Haiti-Tempo rapòte, foutbolè entènasyonal Ayisyen an Duckens Nazon, k ap jwe nan klèb « Esteghlal FC », nan vil Tehran, peyi Iran, sot fè yon long vwayaj pou kite vil la. Yon vwayaj ki te long, e difisil, akoz frap misil ki genyen sou Iran. « Nazon an sekirite, e twouve l nan yon zòn ki pa gen twòp difikilte nan moman an », se sa medya a rapòte, aswè samdi 28 fevriye 2026 la. Haiti-Tempo fè konnen, atakan seleleksyon nasyonal la ap tann pou antre sou fwontyè Azerbaïdjan, dimanch 1e mas la nan maten, pou…

Read More

Atak la fèt, samdi 28 fevriye 2026 la. Nan yon videyo li pibliye sou platfòm pèsonèl li ki se « Truth Social », Prezidan ameriken an mande pou pèp Iranyen an, anvayi pou pran pouvwa a, aprè atak yo. Donald Trump di se yon gwo tonton operasyon konba ki lanse, pou kapab pwoteje pèp ameriken an kont menas rejim Iranyen yo. Aprè atak sa a, Iran replike, epi tire misil sou plizyè baz militè ameriken ki nan divès peyi nan rejyon an tankou : Émirats-Arabes Unis, Qatar, Koweït, Bahreïn ak Jordanie. Prezidan Trump menase pou l detwi kapasite misil Iran,…

Read More

Nan yon avi ekip CHOKARELLA mete deyò, aswè vandredi 27 fevriye 2026 la, yo di yo gen plezi anonse piblik la, “Carel Pèdre First pa nan men ICE ankò. Li rejwenn fanmi li”. « Nou swete presize tou, dosye penal ki gen pou wé ak dosye sa a, te trete nan vwa legal apwopriye, e Eta a pa deside pouswiv pwosedi yo », se sa ekip la di nan avi ki pibliye a. Pandan yap remèsye tout kominote a pou pasyans ak soutyen yo te bay konsène a pandan peryòd la, CHOKARELLA di etap sa a raple yo enpòtans pou…

Read More

Se avèk dlo nan je, jounalis espòtif Radio Television Caraibes la tap pale de arestasyon Daphney Haspil alyas « Betina », Vandredi 27 Fevriye 2026 la. Daprè sa Harold Domond di nan jounal « Premye Okazyon », Manman 2 pitit li jwenn arestasyon li, 11 fevriye, sou channmas, pandan li te vin pran yon kòb nan men l, e se nan moman sa a lapolis pranl. Domond eksplike, yo te kondui l nan komisarya Pòtoprens, epi kèk tan aprè yo ta pral transfere l nan Direksyon Santral Polis Jidisyè. Selon sa enfòmasyon yo revele, Daphney Haspil ap reponn kesyon anketè…

Read More

Avèk yon diskou ki dire 1èd tan 47 minit, Prezidan ameriken an depase pwòp tèt li, parapò ak ane pase, kote l te fè 1èd tan 39 minit ap pale. Depi kèk jou avan adrès a la nasyon an devan 119e kongrè a, madi 24 fevriye 2026 la, Donald Trump te gentan di diskou li pral pwononse a, ap long, paske l gen anpil pou l di. Jiskaprezan, ansyen Prezidan Richard Nixon rete Prezidan ameriken ki fè diskou ki pi kout pandan yon « State of the Union » : 30 minit, nan lane 1972. Sous/CNN Politics.-

Read More