Aprè yon vwayaj men longè soti an Afrik, Ariana Milagro Lafond rive an Ayiti, samdi 18 avril 2026, aprè li fin chanpyon 8e Edisyon House Of Challenge nan peyi Togo. Soti Sendomeng, pase Wanament pou rive Okap, enfliyansez Ayisyèn nan ki te gen ak li 2 prensipal inisyatè konkou a ki se Jojo ak Bovan, te resevwa yon akèy san parèy.
Nan Wanament, yon foul moun melanje ak fanfa, te mobilize pout e ka wè jèn fi sa ki sot leve drapo Ayiti a sou teritwa afriken an. Ariana te mete tèt li deyò nan machin li te ye a pou salye popilasyon an. Aprè, li ta pral rantre nan foul la, kote plizyè sitwayen te mete l li sou tèt yo. Avèk yon bouke flè nan menl, yon kouwon sou tèt li, Ariana te sezi wè kòman popilasyon Wanament lan te akeyi l.
Yon akèy ki enpresyone Jojo ak Bovan, ki te pwofite salye piblik Ayisyen an, e brandi drapo a pou montre atachman yo ak Ayiti. Nan videyo 2 Afriken sa yo poste sou rezo sosyal yo, yo fè akèy Ayisyen ba yo, samdi 17 avril 2026 la san parèy.
Sous/Ouanaminthe Infos, Greg Promo, Tafa Promo 18

