Author: Luckson Saint-Vil

Daprè sa medya espòtif Haiti-Tempo rapòte, foutbolè entènasyonal Ayisyen an Duckens Nazon, k ap jwe nan klèb « Esteghlal FC », nan vil Tehran, peyi Iran, sot fè yon long vwayaj pou kite vil la. Yon vwayaj ki te long, e difisil, akoz frap misil ki genyen sou Iran. « Nazon an sekirite, e twouve l nan yon zòn ki pa gen twòp difikilte nan moman an », se sa medya a rapòte, aswè samdi 28 fevriye 2026 la. Haiti-Tempo fè konnen, atakan seleleksyon nasyonal la ap tann pou antre sou fwontyè Azerbaïdjan, dimanch 1e mas la nan maten, pou…

Read More

Atak la fèt, samdi 28 fevriye 2026 la. Nan yon videyo li pibliye sou platfòm pèsonèl li ki se « Truth Social », Prezidan ameriken an mande pou pèp Iranyen an, anvayi pou pran pouvwa a, aprè atak yo. Donald Trump di se yon gwo tonton operasyon konba ki lanse, pou kapab pwoteje pèp ameriken an kont menas rejim Iranyen yo. Aprè atak sa a, Iran replike, epi tire misil sou plizyè baz militè ameriken ki nan divès peyi nan rejyon an tankou : Émirats-Arabes Unis, Qatar, Koweït, Bahreïn ak Jordanie. Prezidan Trump menase pou l detwi kapasite misil Iran,…

Read More

Nan yon avi ekip CHOKARELLA mete deyò, aswè vandredi 27 fevriye 2026 la, yo di yo gen plezi anonse piblik la, “Carel Pèdre First pa nan men ICE ankò. Li rejwenn fanmi li”. « Nou swete presize tou, dosye penal ki gen pou wé ak dosye sa a, te trete nan vwa legal apwopriye, e Eta a pa deside pouswiv pwosedi yo », se sa ekip la di nan avi ki pibliye a. Pandan yap remèsye tout kominote a pou pasyans ak soutyen yo te bay konsène a pandan peryòd la, CHOKARELLA di etap sa a raple yo enpòtans pou…

Read More

Se avèk dlo nan je, jounalis espòtif Radio Television Caraibes la tap pale de arestasyon Daphney Haspil alyas « Betina », Vandredi 27 Fevriye 2026 la. Daprè sa Harold Domond di nan jounal « Premye Okazyon », Manman 2 pitit li jwenn arestasyon li, 11 fevriye, sou channmas, pandan li te vin pran yon kòb nan men l, e se nan moman sa a lapolis pranl. Domond eksplike, yo te kondui l nan komisarya Pòtoprens, epi kèk tan aprè yo ta pral transfere l nan Direksyon Santral Polis Jidisyè. Selon sa enfòmasyon yo revele, Daphney Haspil ap reponn kesyon anketè…

Read More

Avèk yon diskou ki dire 1èd tan 47 minit, Prezidan ameriken an depase pwòp tèt li, parapò ak ane pase, kote l te fè 1èd tan 39 minit ap pale. Depi kèk jou avan adrès a la nasyon an devan 119e kongrè a, madi 24 fevriye 2026 la, Donald Trump te gentan di diskou li pral pwononse a, ap long, paske l gen anpil pou l di. Jiskaprezan, ansyen Prezidan Richard Nixon rete Prezidan ameriken ki fè diskou ki pi kout pandan yon « State of the Union » : 30 minit, nan lane 1972. Sous/CNN Politics.-

Read More

Pandan rankont bilateral sa a, 2 ofisyèl yo te pale sou sa ki gen pou wè a pak pou refonde estabilite nasyonal ak garanti eleksyon kredib an Ayiti. Daprè yon kominike Primature de la République d’Haïti mete deyò, yo fè konnen Sekretè Deta Ameriken an salye gwo avanse politik sa a, e rekonèt li enpòtan pou konsakre inite ant fòs politik yo ak aktè nan sosyete sivil la, aou yon ajanda tout moun dakò pou yon tranzisyon demokratik. Marco Rubio ak Alix Didier Fils-Aimé te bay yon atansyon priyoritè tou a sitiyasyon sekirite a an Ayiti. Sete okazyon pou PM…

Read More

Aksyon sa rive sou lanmè peyi Kiba, mèkredi 25 fevriye 2026 la, aprè gad fwontalyè Kiben te gen afwontman ak moun ki sou bato sa a, ki gen nimewo imatrikilasyon FL7726SH. Nan yon kominike Ministè Enteryè peyi Kiba mete deyò, yo di yo te detekte bato a nan zòn « Chenal d’El Pino », pwovens « Villa Clara ». Yo di lè yo apwoche bato a pou fè verifikasyon, yo tande gen bal ki pete, e se nan bato a katouch yo soti. Gouvènman Kiben an fè konnen, se aprèsa afwontman an ta pral deklannche. Bilan : 4 nan 10…

Read More

Se plizyè manm nan gouvènman an, kòmandan an chef Lapolis la ak reprezantan fòs lame Dayiti, ki te vin akeyi Premye minis lan, jedi 26 fevriye 2026 la, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, Pòtoprens. T ouswit aprè li fin desann avyon, Alix Didier Fils-Aimé te prezante bilan patisipasyon li nan evènman CARICOM nan, devan kamera jounalis yo, nan salon diplomatik ayewopò a. Chèf gouvènman an ensiste sou nesesite pou gen aksyon konkrè pou remete Ayiti sou vwa estabilite, pwosperite ak devlopman dirab. Daprè biwo kominikasyon Primati, PM Fils-Aimé delivre yon mesaj inite ak detèminasyon, kote li mete aksan sou sekirite,…

Read More

Nan kad misyon li ki se rekonekte timoun ki adopte ak paran byolojik yo, òganizasyon Voie d’Espoir reyalize nan vil Okay, 23 fevriye 2026 la, yon seremoni pou fè tès ADN pou manman ak papa ki gen pitit yo te bay nan adopsyon. « Rapwoche/Konekte », se non inisyativ sa a kap reyalize nan tèt kole ak Plan Kiskeya – reuniting parents and children from Haïti, yon òganizasyon Olandèz, ki akonpanye adopte ki dorijin Ayisyèn yo,  e kap chache fanmi byolojik yo. Sou yon santèn fanmi ki te fè deplasman nan Okay, gen tès ADN ki reyalize pou plis pase…

Read More

Daprè sa 2 medya sa yo rapòte, administrasyon Trump lan anvizaje pou pran yon dekrè oubyen adopte yon seri mezi, pou oblije tout bank Ozetazini, mande kliyan yo (ansyen oubyen nouvo), enfòmasyon sou sitwayènte yo. The Wall Street Journal di, mezi sa a kapab oblije bank yo mande nouvèl kategori dokiman tankou paspò oubyen ID, ki montre nasyonalite kliyan yo. Yon sous di jounal la, kliyan yo ap gen pou bay dokiman sa yo, si yo ta swete konsève kont bankè yo genyen Etazini an. Paralèlman, gen yon sous ki fè konnen, dirijan bank yo pè pou yon dekrè konsa…

Read More