Subscribe to Updates
Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.
Author: Luckson Saint-Vil
USCIS di yo okouran de òdonans Jij Ana Reyes pran pou bloke desizyon yo a, men yo fè konnen yo pa dakò. Menm si yo konteste òdonans lan, sèvis imigrasyon amerikèn anonse nan yon alert yo pibliye sou sit ofisyèl yo, estati benefisyè TPS yo rete menm jan an, e tout kat travay anba TPS toujou rete valid jiska nouvèl òd. Paralèlman, administrasyon Trump lan pa pèdi tan, yo gentan pase a laksyon. Ofisyèlman, yo fè apèl de desizyon jij la, devan Lakou Dapèl nan Washington, jedi 5 fevriye 2026 la, pou konteste òdonans Jij Ana C. Reyes te pran…
Videyo sa ki te pibliye sou platfòm pèsonèl Prezidan an ki se « Truth Social » fè gwo deba Etazini. Anpil moun kalifye sak pase a de « zak rasis ». Plizyè palmantè, pami yo Repibliken, mande pou Donald Trump prezante eskiz a Barack Obama ak tout Madanm li. Anviwon 12zèd tan aprè piblikasyon an, videyo a efase. Lamezon Blanch reyaji : « Videyo ki pibliye a se yon videyo ki fèt sou entènèt, ki reprezante Trump kòm yon Wa nan yon jungle, e demokrat yo kom pèsonaj Wa Lyon », se konsa Pòt-pawòl Lamezon Blanch eksplike l. Karoline Leavitt…
Nan yon entèvyou ekliziv li bay medya NBC News, Prezidan Donald Trump di yo bezwen itilize yon apwòch ki “pi dous, pi nice”, pou fè operasyon imigrasyon yo. Sepandan Chèf leta a di ajan ICE yo ap kontinye chache epi arete imigran san papye ki se kriminèl, e ki reprezante yon danje pou Etazini. Donald Trump di li pran leson de sak pase nan Minnesota a, kote gen 2 sitwayen ameriken ki mouri, nan kad gwo mouvman pwotestasyon anti-ICE ki genyen nan Eta sa a.
Move nouvèl pou moun ki gen rezidans Ozetazini, ki konn abitye pran LOAN pou ti biznis yo. Apati premye mas kap vini la, tout imigran ki gen “green card”, pap kalifye pou kèk pwogram prè pou ankò, sav le di se sèl sitwayen ameriken kap benefisye. Nan yon avi nan “U.S. Small Business Administration” mete deyò lendi 2 fevriye pase a, responsab yo nan fè konnen yo pran mezi sa a pou kapab respekte nouvèl Prezidan Donald Trump te adopte ki rele “Pwotje pèp ameriken an kont envazyon”. SBA se yon ajans gouvènman federal Etazini ki ede ti biznis, nan…
Samdi 7 fevriye 2026 la, make fen manda 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo. Nan sans sa a, yon seremoni ofisyèl dewoule nan « Villa d’Acceuil », an prezans divès manm nan gouvènman an, Premye minis Alix Didier-Fils-Aimé, otorite nan yo Lapolis, Lame ak manm kò diplomatik la. Avèk seremoni sa a, KPT a ofisyèlman pa egziste ankò, e se sèl Fils-Aimé ki rete kòm responsab nan tèt leta a. Manm KPT yo ale, aprè 22 mwa yo pase kòm manm pouvwa egzekitif la. Pou anpil obsèvatè, manm KPT yo kite dèyè yo, yon bilan jesyon « katastwofik ». Kèk…
Sou rezo sosyal yo, enfòmasyon an te gentan ap sikile. Anbasad amerikèn soti yon nòt aprè, nan lide pou eksplike rezon prezans bato sa yo. « Sou direksyon Sekretè Lagè a, bato USS Stockdale, USCGC Stone, ak USCGC Diligence te rive nan bè Pòtoprens kòm yon pati nan Operasyon Southern Spear la. Prezans yo reflete angajman san fay. Etazini anfavè sekirite, estabilite, ak yon avni miyò pou peyi Dayiti », se sa Anbasad la ekri. Washington fè konnen, « Marin Ameriken ak Gad Kòt Ameriken reyafime patenarya ak sipò yo pou asire yon Ayiti ki pi an sekirite, e ki…
Administrasyon Trump lan pa deside bay vag. Yo anonse yo pral fè apèl de desizyon jij Ana C. Reyes pran anfavè TPS pou Ayisyen yo. Pòt-pawòl DHS la reyaji sou kont Twitter(X) ofisyèl li anviwon 1èd tan, li di : « Nap kwaze nan Lakou Siprèm ! ». Nan piblikasyon sa a Tricia McLaughlin fè, nan sware lendi 2 fevriye 2026 la, li fè konnen, TPS Etazini te bay Ayiti a se te aprè tranblemann tè a. Li di kounya sa gen plis pase 15 lane, paka gen TPS ankò. « Tanporè vle di tanporè. E dènye mo a se…
Biwo Gouvènè Maura Healey fè apèl sa a, nan yon nòt ki soti kèk èd tan aprè desizyon jij la sou TPS la, pou enfòme antrepriz yo, benefisyè Ayisyen yo ka kontinye travay legalman. « Kèm avèk kominote Ayisyèn nan, ak lòt kominote yo, administrasyon Trump lan ap atake », deklarasyon Gouvènè Massachusetts la, ki raple li te voye yon lèt bay Chèf DHS la Kristi Noem semèn pase a, pou mande li pwolonje TPS la pou Ayiti. Gouvènè Healey se youn pami plizyè otorite lokal ki souvan ap sipòte kominote Ayisyèn nan, nan Massachussets. Sous/Office of Governor Maura Healey
Depite 17e Distrik New York la ki toujou pran pozisyon anfavè imigran Ayisyen, soti yon nòt maten madi 3 fevriye 2026 la, pou li adrese li ak kominote Ayisyèn nan, men tou pou salye desizyon jij Ana C. Reyes la. « Ayisyen benefisyè TPS yo esansyèl pou sistèm sante nou an. Yo se fòs travay nan sektè transpò ak ti antrepriz yo ki nan Vale Hudson », se sa Rep. Mike Lawler ekri. Palmantè di lap kontinye defann kòz Ayisyen yo, jiskaske gen yon solisyon dirab ki jwenn, e ki ka reflete reyalite sou teren an Ayiti. Daprè depite Repibliken…
Se konfime. Matiado Vilmè la pèdi batay li tap mennen kont kansè a. Matiadio Vilmé mouri 1e fevriye 2026, e se Papa li Ylrick Vilmé ki anonse sa nan mikwo Passion Info Plus. “Ah ! Li ale…”, se sa Papa a deklare, avèk yon vwa dezole. Jounalis la vin rann dènye souf li nan zòn Doco Petyonvil, kote paran l ap viv, aprè li fin pase 7 mwa lopital nan peyi Meksik. Doktè yo di yo paka fè anyen pou li. Lè Mati rive Pòtoprens, pwòch li te mennen li nan lopital lapè, men yo di yo paka resevwa l.…
