Author: Luckson Saint-Vil

Se plizyè manm nan gouvènman an, kòmandan an chef Lapolis la ak reprezantan fòs lame Dayiti, ki te vin akeyi Premye minis lan, jedi 26 fevriye 2026 la, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, Pòtoprens. T ouswit aprè li fin desann avyon, Alix Didier Fils-Aimé te prezante bilan patisipasyon li nan evènman CARICOM nan, devan kamera jounalis yo, nan salon diplomatik ayewopò a. Chèf gouvènman an ensiste sou nesesite pou gen aksyon konkrè pou remete Ayiti sou vwa estabilite, pwosperite ak devlopman dirab. Daprè biwo kominikasyon Primati, PM Fils-Aimé delivre yon mesaj inite ak detèminasyon, kote li mete aksan sou sekirite,…

Read More

Nan kad misyon li ki se rekonekte timoun ki adopte ak paran byolojik yo, òganizasyon Voie d’Espoir reyalize nan vil Okay, 23 fevriye 2026 la, yon seremoni pou fè tès ADN pou manman ak papa ki gen pitit yo te bay nan adopsyon. « Rapwoche/Konekte », se non inisyativ sa a kap reyalize nan tèt kole ak Plan Kiskeya – reuniting parents and children from Haïti, yon òganizasyon Olandèz, ki akonpanye adopte ki dorijin Ayisyèn yo,  e kap chache fanmi byolojik yo. Sou yon santèn fanmi ki te fè deplasman nan Okay, gen tès ADN ki reyalize pou plis pase…

Read More

Daprè sa 2 medya sa yo rapòte, administrasyon Trump lan anvizaje pou pran yon dekrè oubyen adopte yon seri mezi, pou oblije tout bank Ozetazini, mande kliyan yo (ansyen oubyen nouvo), enfòmasyon sou sitwayènte yo. The Wall Street Journal di, mezi sa a kapab oblije bank yo mande nouvèl kategori dokiman tankou paspò oubyen ID, ki montre nasyonalite kliyan yo. Yon sous di jounal la, kliyan yo ap gen pou bay dokiman sa yo, si yo ta swete konsève kont bankè yo genyen Etazini an. Paralèlman, gen yon sous ki fè konnen, dirijan bank yo pè pou yon dekrè konsa…

Read More

Soti 25 pou rive 28 Fevriye 2026, nan Kingston, Jamayik, pwofesyonèl nan endistri mizikal mondyal la pral reyini pou fè deba. Pandan « Island Music Conference » ane sa a, plizyè aktè pral entèvni atravè divès panèl, pami yo Mickael Marabou. Chantez Ayisyano-ameriken an, ki se tou espesyalis nan Marketing Mizikal, ap sou panèl « Booking for Big Events », nan dat 26 Fevriye nan aprèmidi. Mickael ap gen bò kote l plizyè gwo aktè nan endistri mizikal entènasyonal ka tankou : Danny « Creatah » Sengers (World A Reggae), Raphael « Ruffie » Siddique (Summer Jam Festival), Bernd «…

Read More

Nan yon nòt depatman jistis ameriken mete deyò, 19 fevriye 2026 la, yo anonse yo depoze yon demann pou retire sitwayènte amerikèn ansyen Majistra vil North Miami an, Philippe Bien-Aimé, paske l te komèt fwod nan maryaj, ak fwod idantite. Depatman jistis di Ayisyen dorijin sa te rantre Etazini ilegalman, avèk yon paspò ki te gen non « Jean Philippe Janvier ». Aprè yo fin bal òd depòtasyon an 2001, Lajistis amerikèn di ansyen majistra a fè pòz li ale Ayiti, poutan li te toujou Etazini. Nan yon plent sivil 13 paj otorite yo depoze, 16 fevriye pase a, yo…

Read More

Se ofisyèl ! Depatman kap jere kesyon sikilasyon machin nan Florida,resevwa enstriksyon fòmèl pou renouvle lisans benefisyè TPS yo. Daprè sa yon sous nan youn nan DMV yo fè LSV Media konnen, ajan yo ka renouvle lisans lan pou kategori migran sa yo pou 15 mas 2026 sèlman, ki se menm dat validasyon kat travay yo. Nap raple, pou yon chofè renouvle lisans (Class E) li nan Florida, lap peye $48. Si moun sa vin renouvle li anreta, lap oblije peye $15 anplis kòm (late fee). Sa vle di, moun TPS yo pral gen pou peye plis pase $60 pou…

Read More

Li se te youn nan anplwaye ki tap defann san gade dèyè, tout aksyon ajan ICE yo ap fè nan kad aplikasyon lalwa sou imigrasyon, depi lè Donald Trump pran pouvwa a. McLaughlin ki se te tou Sekretè Adjwen pou Zafè Piblik, te kòmanse planifye pou l te ale depi mwa desanm 2025, men li di lap pouse l pou 2026, se sa Depatman Sekirite Enteryè di medya NPR. Jiskaprezan, pa gen moun ki konnen eske se nan yon lòt ajans li prale, oubyen lap kite gouvènman an nèt. Responsab DHS la konfime nouvèl la, e pwofite fè elòj Tricia…

Read More

Se yon antrenè eksperimante. Pia Sundhage, 66 lane, chanpyon olenmpik 2 fwa ak Etazini (2008, 2012). Li te finalis mondyal fanm (2011), meday ajan olenmpik ak Lasyèd (2016). Sundhage te chanpyon tou Copa América ak Brezil (2022). FHF – Fédération Haïtienne De Football la di nominasyon sa a antre totalman nan kad plan estratejik FHF pou estriktire ak pwofesyonalize foutbol ayisyen an. « Li montre yon volonte klè : Pou ogmante nivo teknik, ranfose kilti pèfòmans lan, epi bati fondasyon solid ak dirab pou jenerasyon k ap vini yo », se sa federasyon an ekri. Manda Madam Sundhage ap gen…

Read More

Jan sa te anonse, Darline Desca fè gran retou li sou sèn. Samdi 14 fevriye 2026 la, jou fèt Sen-Valanten atis la lanse « Pandora Escapades Tour », pou di li retounen ofisyèlman. Anmoure ak anmourez yo te gen randevou aswè a pou premye espektak DD, nan « Electric Lady Wynwood », Miami Florida ki nan : 144 NW 23rd St, Miami, FL 33127. « Pandan yon ti moman, sèn nan ak mwen te pran ti distans. Mwen te fè yon retrè, pou m te paret tèt mwen pou yon nouvèl vèsyon de mwen menm. Nan moman sa yo mwen…

Read More

Nan yon nòt Présidence d’Haïti pibliye sou platfòm rezo sosyal li, yo enfòme ajan fonksyon piblik ak sektè prive yo, administrasyon piblik, komès, endistri ak lekòl ap chome : lendi 16 fevriye 2026, apati Midi ; madi 17 ak mèkredi 18 fevriye « totalman » sou tout teritwa nasyonal la. « Ayiti Devan », se tèm kanaval la ane sa a. Sous/La Prezidans

Read More