Close Menu

    Subscribe to Updates

    Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

    What's Hot

    JeffBeatz: yon dwèt majik, yon talan ki kache dèyè majorite “remix challenge” sou TikTok Ayisyen an

    April 12, 2026

    Ayiti : Premye minis lan eksprime tristès li aprè dram nan Citadelle la, e di lap tann rezilta ankèt la

    April 12, 2026

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 2026
    Facebook X (Twitter) Instagram
    • Éditoral
    • Économie
    • Opinion
    • Politique
    Facebook X (Twitter) Instagram
    LSV Media ProductionLSV Media Production
    Demo
    • Accueil
    • Politik
    • Pawòl Imigrasyon
    • Kilti
    • Espò
    • Dènye Nouvèl
    • Konsènan LSV
    • Sèvis nou Ofri
    • Kontak
    LSV Media ProductionLSV Media Production
    Home»Sport»Monique André : plis ke yon Prezidant… yon Manman pou jwè seleksyon nasyonal yo

    Monique André : plis ke yon Prezidant… yon Manman pou jwè seleksyon nasyonal yo

    Luckson Saint-VilBy Luckson Saint-VilApril 5, 2026No Comments3 Mins Read
    Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Reddit Telegram Email
    Monique André_Prezidant Komite Nòmalizasyon Federasyon Ayisyèn Foutbòl.-
    Partager
    Facebook Twitter WhatsApp

    Toronto, Kanada. 30 Mas 2026. Ekip nasyonal foutbòl la nan kan konsantrasyon, avan match amikal yo kont Tinizi ak Islann. Nan koulwa rantre a, yon fanm kanpe. Jwè yo ap avanse sou li youn aprè lòt pou vin salye l. Akolad, souri, ti pawòl motivasyon ak ankourajman… ou pata di se yon Manman kap pale ak pitit li. Nan fason pa l, Monique André, 4 mwa aprè dènye rasanbleman ki te make listwa, tap montre ekip la yon lòt fwa ankò, li la avè yo, li la pou yo.

    Amoni ant Prezidant Komite Nòmalizasyon Federasyon Ayisyèn Foutbòl la ak jwè seleksyon nasyonal yo, yon bagay plizyè moun ki pwòch federasyon an di nou ki enstale depi aprè Mme André fin pran fonksyon sa a. Yon amonizasyon ki ogmante konfyans ekip la, kap prepare pou al patisipe nan mondyal, aprè 52 lane yo pat patisipe nan konpetisyon sa a.

    Depi lè Monique André pran tèt foutbòl Ayisyen an depi novanm 2024, anpil konpatriyòt pa sispann felisite travay li. Soti nan U-17, U-20 rive nan senyò… kèlkeswa kategori, fanm kou gason, temwanyaj yo montre piblik Ayisyen an gen anpil apresyasyon pou Mme André, yo prezante kòm yon fanm solid, ki jwe gwo wòl nan mete foutbòl la kote li ye jodi a.

    Yon lòt kote, Mme André jwenn kredi kòm Prezidant ki rive konvenk anpil jwè entènasyonal pou vin jwe pou Ayiti. Soti nan Wilson Isidor (Sunderland, Angletè), Jean Ricner Bellegarde (Wolverhampton, Angletè), Josué Casimir (AL Auxerre, Lafrans), Hannes Delcroix (FC Lugano, Laswis)

    Sou plan kominikasyon vizyèl, federasyon an fè anpil pwogrè, depi lè Mme André rive nan pòs sa a, daprè sa anpil obsèvatè fè konnen. Selon konsta yo, foto ak videyo seleksyon yo, sitou senyò a, pi pwòp, pi bèl. Yon evolisyon ki, daprè anpil Ayisyen, fè etranje wè ekip la yon lòt fason.

    Avèk prezans Mme Monique André, gen yon konfyans ak estabilite ki vin etabli anndan federasyon an, sa ki fè jwè ki te deja la, ak lòt ki potko vini yo, santi gen plis sans òganizasyon ke avan. Selon sa sèten jounalis espòtif Ayisyen, jan federasyon an ap fonksyone kounya, pèmèt plizyè jwè entènasyonal ki te ezite, vin jwe pou Ayiti finalman.

    Nap raple, se FIFA ki te mete Komite Nòmalizasyon sa a nan tèt federasyon an nan lane 2021, aprè eskandal ki te enplike ansyen Prezidan FHF la Dadou Jean-Bart. Komite sa gen pou misyon, restriktire federasyon Ayisyèn Foutbòl la, epi òganize eleksyon pou yon komite egzekitif lejitim.

    Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Email
    Luckson Saint-Vil
    • Website

    Related Posts

    Finalman, Wilson Isidor dakò vin jwe pou Ayiti

    March 17, 2026

    Iran anonse yo pap patisipe nan Mondyal 2026 la ankò

    March 11, 2026

    Pia Sundhage, se nouvo antreprenè seleksyon nasyonal feminen senyò a

    February 16, 2026
    Leave A Reply Cancel Reply

    Laina
    Les plus populaires

    ⭕️UPDATE.- Gè USA/Izrayèl vs Iran

    March 8, 20262,674 Views

    Jounalis espòtif Harold Domond konfime efektivman, DCPJ arete Manman pitit li

    February 27, 20261,744 Views

    Jèn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond pote drapo Ayiti a Togo, nan “House of Challenge”

    March 28, 20261,181 Views

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 20261,133 Views
    À ne pas manquer

    JeffBeatz: yon dwèt majik, yon talan ki kache dèyè majorite “remix challenge” sou TikTok Ayisyen an

    Culture April 12, 2026

    Li posib pou wap danse sou remix li yo, men ou pa konn si se…

    Ayiti : Premye minis lan eksprime tristès li aprè dram nan Citadelle la, e di lap tann rezilta ankèt la

    April 12, 2026

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 2026

    Ariana chanpyon 8e Edisyon House of Challenge, gras ak mobilizasyon Ayisyen sou rezo sosyal

    April 12, 2026
    Stay In Touch
    • Facebook
    • Twitter
    • Pinterest
    • Instagram
    • YouTube
    • Vimeo

    Abonnez-vous

    Recevez les dernières actualités créatives de SmartMag sur l’art et le design.

    À ne pas manquer

    JeffBeatz: yon dwèt majik, yon talan ki kache dèyè majorite “remix challenge” sou TikTok Ayisyen an

    Culture April 12, 2026

    Li posib pou wap danse sou remix li yo, men ou pa konn si se…

    Ayiti : Premye minis lan eksprime tristès li aprè dram nan Citadelle la, e di lap tann rezilta ankèt la

    April 12, 2026

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 2026

    Ariana chanpyon 8e Edisyon House of Challenge, gras ak mobilizasyon Ayisyen sou rezo sosyal

    April 12, 2026
    Stay In Touch
    • Facebook
    • Twitter
    • Instagram
    • YouTube
    Notre sélection

    JeffBeatz: yon dwèt majik, yon talan ki kache dèyè majorite “remix challenge” sou TikTok Ayisyen an

    April 12, 2026

    Ayiti : Premye minis lan eksprime tristès li aprè dram nan Citadelle la, e di lap tann rezilta ankèt la

    April 12, 2026

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 2026

    Ariana chanpyon 8e Edisyon House of Challenge, gras ak mobilizasyon Ayisyen sou rezo sosyal

    April 12, 2026

    Email Us: lsvmediaproduction@gmail.com
    Contact: +1-954-279-0695

    Facebook X (Twitter) Instagram YouTube
    Nos sélection

    JeffBeatz: yon dwèt majik, yon talan ki kache dèyè majorite “remix challenge” sou TikTok Ayisyen an

    April 12, 2026

    Ayiti : Premye minis lan eksprime tristès li aprè dram nan Citadelle la, e di lap tann rezilta ankèt la

    April 12, 2026

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 2026
    Videos

    JeffBeatz: yon dwèt majik, yon talan ki kache dèyè majorite “remix challenge” sou TikTok Ayisyen an

    April 12, 202672 Views

    Ayiti : Premye minis lan eksprime tristès li aprè dram nan Citadelle la, e di lap tann rezilta ankèt la

    April 12, 202641 Views

    Ayiti : gwo dram nan Sitadèl Henry, pou pi piti 30 moun mouri aprè yon malèz nan espas la

    April 12, 20261,133 Views

    Ariana chanpyon 8e Edisyon House of Challenge, gras ak mobilizasyon Ayisyen sou rezo sosyal

    April 12, 202626 Views
    © 2026 Designed by Espedro Neptune.
    • Accueil
    • Économie
    • Éditoral
    • Opinion
    • Politique
    • Société

    Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.