Anviwon 11 enfliyansè ap patisipe nan 8e Edisyon « House of Challenge Special Startup Afrique », kap fèt pandan prèske yon (1) mwa, nan peyi Togo (Afrik). Pami enfliyansè ak TikTokè ki prezan nan evènman sa a, nou jwenn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond. Pandan aktivite sa a, ap gen anpil konpetisyon, ki pral mete jèn yo nan konpetisyon.
Ariana ki gen plis pase 14 milyon kap swiv li sou TikTok, pote drapo Ayisyen an sou teritwa Afriken an, avèk objektif pou ranpòte « challenge » sa a, kote moun ki genyen an ap jwenn 15 milyon fran CFA (anviwon 25,000 dola ameriken). Nan 25,000 dola sa a, gen 10,000 ki dwe ale nan finansman yon pwojè yon jèn nan peyi kote gayan an soti a. Moun ki chanpyon an tou ap jwenn yon machin nèf, ak yon vwayaj nan peyi Lachin.
Si Ariana genyen, lap gen pou idantifye yon jèn Ayisyen ou Ayisyèn, ki gen yon pwojè ki byen estritire, ki nan sektè agrikilti, inovasyon, anviwonman oubyen antreprenarya. Aprè chwa a fin fèt, yap gen pou transfere tout rekonpans lan ba li.
Atravè pwogram « House of Challenge Special Startup Afrique » la ki se yon konkou antreprenaryal panafriken, òganizatè yo vle mete annavan, inovasyon ak espri inisyativ jèn kreyatè ki nan kontinan Afrik ak dyaspora a.
Konkou sa ki reyalize nan zòn Afrik Lwès, prezante kòm yon platfòm ki dedye a pwomosyon lidèchip jèn yo ak inovasyon sosyal. Aktivite a ki demare depi 21 mas pase, ap fini 11 avril kap vini la. Lòt jèn ki patisipe yo soti nan peyi tankou : Côte d’Ivoire, Guinée, Niger, Cameroun, Republique Democratique du Congo, pou n site sa yo sèlman.
Sous/Chokarella.-

