Sèvis Imigrasyon amerikèn anonse, mèkredi 25 mas 2026 la, yon mizajou nan sistèm « E-Verify » la, konsènan benefisyè TPS Ayisyen yo. Nan mizajou sa a, USCIS mande tout konpayi/antrepriz amerikèn ki gen migran ki anba TPS kòm anplwaye, pou konsidere dat ekspirasyon kat travay moun sa yo se pou jiska 1e jiyè 2026.
Avèk mizajou sa a, moun TPS yo ka kontinye travay jiska dat sa a, e yap kapab renouvle lisans yo tou jiska menm delè sa.
Desizyon sa anonse, annatandan òdonans Lakou Siprèm sou dosye a, ki ka vini ant finisman mwa jen, a kòmansman mwa jiyè, daprè divès avoka imigrasyon.
Sous/Caribbean Television Network.-

