Plizyè chèf polis nan Florida deside pran distans yo ak Gouvènè Eta a Ron DeSantis, sou kesyon operasyon pou arete imigran san papye, e pote sipò yo pito a sila kap mande pou regilarize sèten nan moun sa yo (imigran).
Yon gwoup responsab polis ki se manm komite ki chaje pou aplike lalwa sou imigrasyon nan Eta a, kritike mezi gouvènman federal la pran pou fè yon depòtasyon “an mas” nan peyi a. Sèten manm nan komite sa a, ki gen ladann 4 sheriff ak 4 chèf polis minisipal, fè konnen imigran ki pa kriminèl yo, ta dwe kapab rete nan peyi a, sou sèten kondisyon.
« Se moun sa yo nou bezwen nan peyi sa a, e nou ta dwe akeyi a bra louvri, paske nou se yon nasyon imigran », se deklarasyon Grady Judd, Sheriff nan rejyon Polk, nan Florida. Judd ki se Prezidan komite a kritike otorite federal yo ki kite kriminèl anvayi Etazini, e vin bay popilasyon an pwoblèm, pandan li di li rezonab pou USA ta louvri wout pou moun onèt ki vin avèk bon entansyon, e ki pou yon bon rezon.
« Genyen nan imigran sa yo kap travay di, ki gen pitit nan inivèsite, oubyen lekòl klasik, ki ale legliz chak dimanch, ki pa vyole lalwa, e kap viv rèv ameriken an nòmalman », se mesaj sa a manm komite sheriff yo voye bay Kongrè ameriken, ak Prezidan Donald Trump.
Pozisyon gwoup chèf polis sa yo pa fè Gouvènè Florida a byen ditou. Ron DeSantis kritike lide sa a, e fè konnen li pa konfòm a lalwa amerikèn, e li pa yon bon politik tou. « Wòl mwen kòm gouvènè, se fè tout sa ki bon pou popilasyon an, men se pa sa yon sèl grenn moun ki eli nan yon rejyon panse », deklarasyon M. DeSantis.
Sous/CBS News, News 6.-

