Sa fè plis 35 jou depi ajan Transportation Security Administration (TSA) ap travay san touche nan tout ayewopò yo Ozetazini. Anplwaye sa yo pa touche paske Depatman Sekirite Enteryè ki se antite federal ki jere ajans sa a, gen pwoblèm bidjè ase. Akoz de sa, anpil anplwaye TSA rele di yo pap vin travay, sa ki vin fè gen liy men longè nan espas kontwòl sekirite yo, kote vwayajè yo ap pase nenpòt 2zèd tan nan liy.
Jodi samdi 21 mas 2026 la, Prezidan ameriken an deside rantre bouch li nan koze a, e menase pou itilize lòt mwayen pou fè travay sekirite nan ayewopò yo mache. “Si Demokrat goch radikal yo pa vle siyen imedyatman yon akò pou peyi nou, pou ayewopò nou yo ka lib, epi sekirize, map deplwaye ajan ICE pou al bay sekirite, yon fason okenn moun poko janm wè avan”, se sa Donald Trump ekri sou kont “Thruth Social” li.
Chèf Mezon Blanch lan di avèk deplwaman sa a, lap ka arete tout imigran ilegal ki te rantre nan peyi a. “Mwen paka tann pou m wè ICE an aksyon nan ayewopò nou yo”, deklarasyon Trump.
Avèk yon vòt 47-37, Sena ameriken an yon lòt fwa ankò pat rive adopte pwojè lwa pou finanse Depatman Sekirite Enteryè a, vendredi pase, sa ki vin pwolonje paralizi administrativ ki deranje trafik ayeryen nan peyi a. Tèks la bezwen yon total 60 vòt pou l pase, yon egzèsis ki difisil jiskaprezan.
Nap raple, depi lè pwojè bidjè DHS la bloke nan kongrè a, divès enstitisyon ki depann de ajans federal sa a pa gen lajan pou peye anplwaye.
Sous/CBS News.-

