Nan yon kominike Primature de la République d’Haïti mete deyò, mèkredi 11 mas 2026 la, yo fè konnen rankont sa te dewoule sitou sou pwogrè kap fèt nan retabli sekirite an Ayiti atravè Fòs Represyon Gang yo, men tou, eta avansman preparasyon yo pou òganizasyon pwochèn eleksyon yo.
Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak Minis Afè Etranjè Raina Forbin, te chita pale ak M. Albert Ramdin Sekretè Jeneral OEA, sou nesesite pou òganizasyon travay nan 2 domèn sa yo (sekirite ak ekeksyon), epi pote yon sipò teknik ak otorite Ayisyèn yo.

