Premye minis Ayisyen an ki twouvel nan peyi Chili, pou envestiti nouvo Prezidan Chilyen an, kòmanse fè divès rankont. Avan menm jounen envestiti sa a, Alix Didier Fils-Aimé chita pale ak nouvo Chèf leta Chili a, José Antonio Kast.
Echanj yo te dewoule sou kesyon ranfòsman relasyon bilateral ant Repiblik Dayiti ak Repiblik Chili, nan yon lespri amitye, solidarite ak kooperasyon benefis pou toulède peyi yo. “2 pati yo mete aksan sou enpòtans pou apwofondi kolaborasyon nan plizyè domèn enterè yo gen ansanm, tankou kooperasyon diplomatik, echanj ekonomik, mobilite akademik ak pwofesyonèl, men tou, dyalòg politik rejyonal”, se sa Primati ekri nan yon kominike yo pibliye 10 mas 2026 la.
Premye minis Ayisyen an renouvle angajman gouvènman Ayiti a pou konsolide lyen istorik amitye ak kooperasyon avèk Chili, pandan yap eksplore nouvèl pèspektiv patenarya nan sèvis devlopman ak estabilite rejyonal.
Bò kote pal, Prezidan eli a eksprime volonte li pou kontinye epi ranfòse relasyon kooperasyon ant 2 peyi yo. José Antonio Kast di yo vle mete aksan sou inisyativ konkrè ki ka benefik pou 2 pèp yo.
Sous/Primature de la République d’Haiti.-

