Nan desizyon li an, jij federal nan Washington Royce C. Lamberth fè konnen Kari Lake ap egzèse ilegalman pòs Direktris Jeneral Ajans Amerikèn pou Medya Mondyal yo (USAGM), ki la pou sipèvize Voice of America (VOA).
Nan yon avi 17 paj jij la rann, samdi 7 mas 2026 la, jij Lamberth tranche anfavè gwoup anplwaye ki te pouswiv Mme Lake nan lajistis ane pase. “Tribinal la estime kantite aksyon ki poze pou Mme Lake vin dirije USAGM nan, se te yon tantativ ilegal”, se sa jij la ekri. Majistra a di, nominasyon Kari Lake nan tèt USAGM nan te fèt dèyè do konstitisyon amerikèn nan.
Nan sans sa a, jij la fè konnen, Mme Lake pat gen pouvwa pou l koupe bidjè VOA, efase pwogram oubyen revoke yon bann anplwaye, nan kad sa yo rele yon “re-òganizasyon” Prezidan Donald Trump te demare depi lè li pran pouvwa a.
Mezon Blanch gentan reyaji, denonse desizyon sa a, e kalifye jij la de “jij aktivis”. Kari Lake ki site nan avi jij la, anonse li pral fè apèl.
Bò kote anplwaye ki te pote plent yo se lajwa. Pou yo menm, se yon premye viktwa, men batay jiridik la ap kontinye, e yo raple sitiyasyon anplwaye ki revoke yo toujou rete menm jan.
Se yon premye defèt pou administrasyon Trump lan, ki te deside demantle Lavwadlamerik, paske yo estime li pa itil leta federal anyen, okontrè se lajan kap depanse san rezon.
Sous/RFI, Washington Post.-

