Close Menu

    Subscribe to Updates

    Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

    What's Hot

    Masak nan Jean-Denis : otorite lokal ak lapolis, yo chak bay yon chif diferan

    March 30, 2026

    Haïti : gouvènman an di pa gen pwoblèm gaz sou mache a, e fè enspeksyon nan divès ponp

    March 29, 2026

    Petisyon Depite Pressley a jwenn 218 siyati li te bezwen an, pou fòse Kongrè vote TPS-Ayiti a pou 3 lòt ane

    March 28, 2026
    Facebook X (Twitter) Instagram
    • Éditoral
    • Économie
    • Opinion
    • Politique
    Facebook X (Twitter) Instagram
    LSV Media ProductionLSV Media Production
    Demo
    • Accueil
    • Politik
    • Pawòl Imigrasyon
    • Kilti
    • Espò
    • Dènye Nouvèl
    • Konsènan LSV
    • Sèvis nou Ofri
    • Kontak
    LSV Media ProductionLSV Media Production
    Home»International»⭕️UPDATE.- Gè USA/Izrayèl vs Iran

    ⭕️UPDATE.- Gè USA/Izrayèl vs Iran

    Luckson Saint-VilBy Luckson Saint-VilMarch 8, 2026No Comments8 Mins Read
    Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Reddit Telegram Email
    WEST PALM BEACH, FLORIDA - MARCH 23: U.S. President Donald Trump speaks to reporters before boarding Air Force One at Palm Beach International Airport on March 23, 2026 in West Palm Beach, Florida. President Trump is traveling to Tennessee before returning to Washington. Roberto Schmidt/Getty Images/AFP (Photo by ROBERTO SCHMIDT / GETTY IMAGES NORTH AMERICA / Getty Images via AFP)
    Partager
    Facebook Twitter WhatsApp

    11:30 am • 5 Mas 2026

    Daprè sa televizyon leta nan peyi Iran revele, rejim nan nan voye jete yon lis 15 pwen Prezidan Donald Trump te pwopoze, atravè yon entèmedyè. Objektif la se pou fè avanse negosyasyon pou lapè. Teheran pase Etazini nan betiz, yo deklare, e nap site : “negosye a tèt ou”. Men avan sa, rejim Iranyen an deklare yap revize kondisyon yo pou yon evantyèl negosyasyon. Paralèlman, Iran pwopoze pwòp pa li, atravè medya leta yo, ki gen ladann : 1- Sispann touye fonksyonè li yo, 2- mwayen pou asire okenn lòt gè pa mennen kont yo, 3- Reparasyon pou gè a, 4- Fini ak atak kap fèt sou souverènte Iran sou gòlf “Detroi d’Hormuz” | AP, CBS News

    7:10 am • 23 Mas 2026

    Prezidan ameriken an anonse, yo kòmanse diskite avèk yon gwoup dirijan nan peyi Iran. Aprè Etazini te fin bay yon iltimatòm pou “Detroit d’Hormuz” lan ouvè, epi fasilite sikilasyon bato petwòl yo, Donald Trump di yap kanpe sou frap yo te prevwa sou enfrastrikti enèjetik Iranyen, e di li prè pou dyalòg. Gouvènman Iranyen an demanti enfòmasyon sa a, e fè konnen yo pa gen okenn negosyasyon ki demare ak Etazini. Minis Afè Etranjè peyi Iran an Esmai Baghai deklare, e nap site : “nou resevwa mesaj ki soti bò kote sèten entèmedyè nan lòt peyi, pou pale nou de yon demann Etazini pou n negosye pou gè a fini. Men pa gen okenn negosyasyon ki demare ant 2 peyi yo”. Inisyativ sa ap pale, sou 24e jou gè a ki deja lakoz anpil dega nan tout kan yo | Le Monde

    12:10 pm • 17 Mas 2026

    Direktè Sant Nasyonal Ameriken kap Batay kont Teyoris la, Joseph Clay Kent anonse li demisyone nan pòs li. Nan yon lèt li pibliye, madi 17 mas 2026 la, ofisyèl ameriken an ekri, e nap site : « Mwen paka a tout konsyans mwen, sipòte gè kap fèt aktyèlman kont peyi iran. Iran pat reprezante okenn menas pou nasyon nou an, e li klè ke nou deklannche gè sa a, sou presyon Izrayèl, ak puisan lòbi ameriken yo ». Demisyon sa a vini nan moman Prezidan Donald Trump ap mande sipò peyi alye yo, pou konbat rejim Iranyen an.

    11:05 am • 17 Mas 2026

    Minis Defans peyi Izrayèl la, Israël Katz, anonse madi 17 mas 2026 la, yo “elimine” Ali Larijani, Chèf konsèy sekirite nasyonal Iran an. Anplis de prensipal dirijan sa a ki tap jere kesyon sekirite pou Iran, ofisyèl Izrayelyen an fè konnen yo touye tou, jeneral Gholamréza Soleimani, ki se kòmandan milis Bassidj la, aprè plizyè frap lame Izrayelyen an fè nan lannwit 16 pou louvri 17 mas la. Izrayèl voye yon mesaj bay nouvo Gid Siprèm Iranyen an, Mojtaba Khamenei pou di li, “lap pase menm jan a Larijani ak Gholamréza”. Gouvènman Iranyen an pa konfime lanmò Chèf sekirite a, men yo di

    10:17 am • 13 Mas 2026

    Lame amerikèn anonse, vandredi 13 mas 2026 la, yo gen 6 sòlda ameriken ki mouri, aprè 2 avyon fè kolizyon nan zòn Irak. Tout 6 militè sa yo se manm ekipaj “KC-135” ameriken, ki disparèt depi 12 mas. Responsab yo konfime youn nan avyon ki fè kolizyon yo kraze, nan zòn Lwès Irak, nan kad operasyon ki rele « Epic Fury », kap fèt nan peyi Iran. Avyon sa a ta pral pote gaz pou twoup yo kap batay kont Iran. Sikonstans aksidan an poko klè, se pou sa gen yon envestigasyon ki louvri. Sepandan, Lame amerikèn di avyon an kraze, se pa nan echanj katouch, se pa nan batay. Idantite viktim yo ap gen pou pibliye, 24èd tan aprè fanmi yo fin okouran. Nap presize, sa fè yon total 13 sòlda ameriken ki mouri, epi anviwon 140 blese, depi gè a demare | BFMTV

    8:15 am • 12 Mas 2026

    Nouvo Gid Siprèm Iranyen an soti nan silans li. Nan premye mesaj li ke yon fanm li sou televezisyon leta peyi a, jedi 12 mas 2026 la, Mojtaba Khamenei deklare, e nap site : “Tout baz amerikèn yo dwe fèmen nan rejyon an, paske nou pral frape yo”. Nouvo Gid la ki di lap vanje moun ki mouri yo, mande pou gòlf Detroit d’Ormuz lan ap rete fèmen, pou anpeche bato petwòl pase. Depi nominasyon li kòm Gid Siprèm, Mojtaba, 56 lane, poko janm parèt an piblik. Pa gen ni videyo, ni odyo li ki soti. Enfòmasyon yo revele li ta blese, depi nan kòmansman atak yo, men otorite Iranyèn yo poko janm konfime sa | BFMTV

    8:11 pm • 11 Mas 2026

    Peyi Iran eksploze yon depo gaz nan “Omani port”. Paralèlman, gen yon atak ki fèt sou 3 bato touprè gòlf “Detroit d’Ormuz”, daprè ajans maritim britanik yo. Bilan, gen 1 moun ki mouri, e yon ventèn manm ekip te oblije evakye, daprè otorite Irakyèn yo. Nap raple, depi lè gè USA/Izrayèl la demare, rejim Iranyen an te menase pou eksploze nenpòt bato petwòl ki tante travèse. Nap presize, 20% nan gaz mond lan ap sèvi, se la yo pase | CNN

    1:34 pm • 11 Mas 2026

    FBI voye yon avètisman bay tout sèvis polis nan California dènye jou sa yo, pou di yo, peyi Iran kapab riposte avèk atak dwon sou teritwa ameriken an, nan zòn kòt Wès. Nan alèt sa a, otorite yo nan FBI ekri : “Nou jwenn enfòmasyon ki di nou, nan kòmansman mwa fevriye 2026 la, Iran ta gen lide pou mennen atak sipriz, atravè avyon ki san pilòt ladan yo, kap soti nan yon bato ki pa idantifye. Yo prevwa sible California, si toutfwa Etazini ta frape Iran”. FBI di yo pa gen enfòmasyon anplis sou ki moman, ki metòd, ki sib oubyen ki moun kap fè atak prezime sa yo | ABC News

    2:50 pm • 10 Mas 2026

    Batay la pran yon lòt dimansyon. Iran soti grif li tout longè, e fè gwo menas. Yon responsab Iranyen ki nan kesyon sekirite, menase Donald Trump. « Fè atansyon ! Sinon, wap elimine », se mesaj sa a Ali Larijani voye bay Prezidan ameriken an. Larijani ki se sekretè konsèy siprèm sekirite nasyonal Iranyen an, avèti Trump : « nasyon Iranyèn nan pa pè menas wap fè sou papye yo. Menm sa ki pi puisan yo, pat rive elimine nasyon Iranyèn nan ». Gwo responsab la fè deklarasyon sa a, aprè Prezidan Trump fin menase pou frape Iran 20 fwa pi fò, si yo anpeche bato petwòl pase nan « Detroit d’Ormuz ».

    1:00 pm • 10 Mas 2026

    Prezidan Donald Trump deklare : si Iran fè bato petwòl paka pase nan « Detroit d’Ormuz », lap frape l 20 fwa plis ke avan. Detroit d’Ormuz se yon pasaj maritim estratejik enpòtan, ki mezire anviwon 50km, ant Nò peyi Iran, ak Oman/Emirates Arabe-Unis nan Sid. Se la plis pase 20% konsomasyon petwòl mondyal la pase chak jou. Depi lè gè a deklannche, Iran bloke espas maritim sa a, e menase pou bonbade nenpòt bato ki al eseye pase. Akoz de sa, pri petwòl komanse ogmante nan divès peyi, pa egzanp Etazini |The White House

    11:20 am • 10 Mas 2026

    Prezidan ameriken an anonse gè a pral fini, men Gadyen Revolisyon yo nan peyi Iran di se yo kap deside kilè lap fini. Pandan frap yo kontinye, Iran ap montre li pa pè, e dispoze pou rapousib a batay la. Dayè, yo apèn nome yon nouvo gid siprèm ki se pitit ansyen gid la, epi kontinye bonbade advèsè li kise Izrayèl |BFMTV

    8:59 am • 9 Mas 2026

    Plizyè milye moun rasanble sou yon plas santral nan Teheran, kapital peyi Iran, lendi 9 mas 2026 la, pou salye nominasyon nouvo gid siprèm repiblik Ismalik la, Mojtaba Khamemei. Daprè sa jounalis ki sou plas rapòte, foul la tap leve anlè drapo Iranyen nan men yo, epi foto nouvo chèf la, ki gen 56 lane, e ki se pitit ansyen chèf la ki te mouri, 28 fevriye pase a |Le Figaro

    12:36 am • 9 Mas 2026

    Peyi Iran anonse, lendi 9 mas 2026 la, yo nome yon Gid Siprèm pou ranplase Ayatollah Ali Khamenei. Non li se Mojtaba Khameni. Li gen 56 lane. Li se dezyèm nan 6 pitit Chèf siprèm Iranyen ki mouri a. Sa vle di, li pral ranplase Papa l, ke Etazini ak Izrayèl touye nan kad divès frap ki fèt sou peyi sa a. Yo konsidere Mojtaba kòm pwòch konsèvatè yo, akoz lyen li genyen ak manm gadyen revolisyon yo |NBC News, Le Monde

    7:50 pm • 8 Mas 2026

    Pentagon anonse, dimanch 8 mas 2026 la, gen yon 7e sòlda ameriken ki mouri. Otorite yo di, militè sa rann dènye souf li, aprè li te blese grav pandan ki te fèt sou Arabi-Saoudit, semèn pase. Responsab yo di yap gen pou devwale non sòlda a nan 24èd tan, aprè yo fin enfòme fanmi li, jan pwotokòl la mande sa |CNN

    3:15 pm • 8 Mas 2026

    Yon depo gaz nan vil Teheran, nan peyi Iran pran dife, aprè USA ak Izrayèl fin fè yon frap sou li, nan lannwit 7 pou louvri 8 mas 2026 la. Abitant nan zòn nan di se te yon lannwit tèt chaje, tèlman te gen eksplozyon |BBC

    3:07 pm • 8 Mas 2026

    Iran sanble sou wout pou anonse yon nouvo gid siprèm. Se sa divès medya lokal anonse, dimanch 8 mas 2026 la. Prezidan ameriken an Donald Trump di si nouvo gid sa pa gen sipò li, ebyen li pap rete pou lontan | CNN

    Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr Email
    Luckson Saint-Vil
    • Website

    Related Posts

    “Nou pare… Nap tann yo !” : Iran di l pa pè yon envazyon amerikèn

    March 7, 2026

    Sekretè deta ameriken an di, frap kont Iran yo pral pi fò nan jou kap vini yo

    March 4, 2026

    Atak kont Iran : Espay pa dakò Etazini itilize baz li yo

    March 4, 2026
    Leave A Reply Cancel Reply

    Laina
    Les plus populaires

    ⭕️UPDATE.- Gè USA/Izrayèl vs Iran

    March 8, 20262,620 Views

    Jounalis espòtif Harold Domond konfime efektivman, DCPJ arete Manman pitit li

    February 27, 20261,741 Views

    Jèn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond pote drapo Ayiti a Togo, nan “House of Challenge”

    March 28, 20261,169 Views

    Dosye Jovenel Moïse : ak dlo nan je, Martine Moïse temwanye devan yon tribinal Miami

    March 11, 20261,111 Views
    À ne pas manquer

    Masak nan Jean-Denis : otorite lokal ak lapolis, yo chak bay yon chif diferan

    Sekirite March 30, 2026

    Gang ki fè pati baz « Gran Grif » nan Savien, atake epi touye plizyè sitwayen…

    Haïti : gouvènman an di pa gen pwoblèm gaz sou mache a, e fè enspeksyon nan divès ponp

    March 29, 2026

    Petisyon Depite Pressley a jwenn 218 siyati li te bezwen an, pou fòse Kongrè vote TPS-Ayiti a pou 3 lòt ane

    March 28, 2026

    Jèn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond pote drapo Ayiti a Togo, nan “House of Challenge”

    March 28, 2026
    Stay In Touch
    • Facebook
    • Twitter
    • Pinterest
    • Instagram
    • YouTube
    • Vimeo

    Abonnez-vous

    Recevez les dernières actualités créatives de SmartMag sur l’art et le design.

    À ne pas manquer

    Masak nan Jean-Denis : otorite lokal ak lapolis, yo chak bay yon chif diferan

    Sekirite March 30, 2026

    Gang ki fè pati baz « Gran Grif » nan Savien, atake epi touye plizyè sitwayen…

    Haïti : gouvènman an di pa gen pwoblèm gaz sou mache a, e fè enspeksyon nan divès ponp

    March 29, 2026

    Petisyon Depite Pressley a jwenn 218 siyati li te bezwen an, pou fòse Kongrè vote TPS-Ayiti a pou 3 lòt ane

    March 28, 2026

    Jèn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond pote drapo Ayiti a Togo, nan “House of Challenge”

    March 28, 2026
    Stay In Touch
    • Facebook
    • Twitter
    • Instagram
    • YouTube
    Notre sélection

    Masak nan Jean-Denis : otorite lokal ak lapolis, yo chak bay yon chif diferan

    March 30, 2026

    Haïti : gouvènman an di pa gen pwoblèm gaz sou mache a, e fè enspeksyon nan divès ponp

    March 29, 2026

    Petisyon Depite Pressley a jwenn 218 siyati li te bezwen an, pou fòse Kongrè vote TPS-Ayiti a pou 3 lòt ane

    March 28, 2026

    Jèn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond pote drapo Ayiti a Togo, nan “House of Challenge”

    March 28, 2026

    Email Us: lsvmediaproduction@gmail.com
    Contact: +1-954-279-0695

    Facebook X (Twitter) Instagram YouTube
    Nos sélection

    Masak nan Jean-Denis : otorite lokal ak lapolis, yo chak bay yon chif diferan

    March 30, 2026

    Haïti : gouvènman an di pa gen pwoblèm gaz sou mache a, e fè enspeksyon nan divès ponp

    March 29, 2026

    Petisyon Depite Pressley a jwenn 218 siyati li te bezwen an, pou fòse Kongrè vote TPS-Ayiti a pou 3 lòt ane

    March 28, 2026
    Videos

    Masak nan Jean-Denis : otorite lokal ak lapolis, yo chak bay yon chif diferan

    March 30, 2026178 Views

    Haïti : gouvènman an di pa gen pwoblèm gaz sou mache a, e fè enspeksyon nan divès ponp

    March 29, 202642 Views

    Petisyon Depite Pressley a jwenn 218 siyati li te bezwen an, pou fòse Kongrè vote TPS-Ayiti a pou 3 lòt ane

    March 28, 2026257 Views

    Jèn Ayisyèn Ariana Milagro Lafond pote drapo Ayiti a Togo, nan “House of Challenge”

    March 28, 20261,169 Views
    © 2026 Designed by Espedro Neptune.
    • Accueil
    • Économie
    • Éditoral
    • Opinion
    • Politique
    • Société

    Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.