Daprè sa Miami Herald rapòte, dènye pwolongasyon sa ap rete an plas pou jiska 3 septanm 2026. Anplis de entèdiksyon sou kapital la, Pòtoprens, ki nan depatman Lwès, Sèvis Avyasyon Amerikèn ajoute sèten pati nan Sid, Sant, ansanm ak rejyon Latibonit la.
“Gang yo chak jou pi plis, ap fè atak vyolan nan depatman Latibonit, ak nan zòn Nò kapital la, sa ki nesesite yon ajisteman nan espas sa yo, kote operasyon avyasyon sivil amerikèn yo oblije entèdi”, se sa FAA ekri nan yon avi revize yo pibliye semèn sa a.
Otorite amerikèn yo di, zòn kote gang yo ap opere yo vin elaji, sa ki ogmante risk pou gen bal ki tire sou avyon yo ap vole nan yon altitid ki ba.
Sèvis avyasyon amerikèn nan anonse, avyon komèsyal yo toujou gen entèdiksyon pou yo vole a mwens pase 10,000 pye nan zòn espesifik sa yo, akoz enkapasite fòs sekirite yo an AYiti, pou prevni atak ki ka fèt kont yo nan Pòtoprens ak nan rejyon ki antoure yo.
Sous/Miami Herald, Reuters.-

