Pandan yon sèl jounen, tout nouvo minis nan gouvènman an enstale nan pòs yo. Se te veritab maraton, mèkredi 4 mas 2026 la. Ofisyèl, anplwaye leta, militan politik, jounalis, te gen anpil aktivite nan bwat leta yo.
Pami tout entalasyon sa yo, Premye minis lan te dirije 4. Mario Andresol nan Ministè Defans, Sandra Paulémont nan Ministè Planifikasyon ak Kooperasyon Ekstèn, Raina Forbin nan Ministè Afè Etranjè, epi Vijonet Demero nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.
Tout minis sa yo pwomèt na diskou yo, pou pote chanjman nan sektè yo pral evolye yo. Premye minis lan Alix Didier Fils-Aimé salye travay ansyen Minis yo, e mande nouvo yo pou kòmanse aji yo chak nan domèn pa yo, pou pote rezilta. Paske, selon Chèf gouvènman an, moman an kounya « se pa moman diskou, se monan aksyon ».
Sous/Passion Info Plus.-

