Se plizyè manm nan gouvènman an, kòmandan an chef Lapolis la ak reprezantan fòs lame Dayiti, ki te vin akeyi Premye minis lan, jedi 26 fevriye 2026 la, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, Pòtoprens. T
ouswit aprè li fin desann avyon, Alix Didier Fils-Aimé te prezante bilan patisipasyon li nan evènman CARICOM nan, devan kamera jounalis yo, nan salon diplomatik ayewopò a. Chèf gouvènman an ensiste sou nesesite pou gen aksyon konkrè pou remete Ayiti sou vwa estabilite, pwosperite ak devlopman dirab.
Daprè biwo kominikasyon Primati, PM Fils-Aimé delivre yon mesaj inite ak detèminasyon, kote li mete aksan sou sekirite, ki rete jiskaprezan yon gwo priyorite pou garanti òganizasyon eleksyon jeneral lib, enkliziv epi kredib. P
andan konferans pou Laprès sa a, Alix Didier Fils-Aimé retounen sou ansanm rankont ak diskisyon li te genyen, pami yo, chita pale li ak Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio. Rankont sa yo te baze sou ranfòsman kooperasyon rejyonal, estabilizasyon Ayiti, relans ekonomik, batay kont krim ak trafik dwòg, edikasyon elatriye…

