Soti 25 pou rive 28 Fevriye 2026, nan Kingston, Jamayik, pwofesyonèl nan endistri mizikal mondyal la pral reyini pou fè deba. Pandan « Island Music Conference » ane sa a, plizyè aktè pral entèvni atravè divès panèl, pami yo Mickael Marabou. Chantez Ayisyano-ameriken an, ki se tou espesyalis nan Marketing Mizikal, ap sou panèl « Booking for Big Events », nan dat 26 Fevriye nan aprèmidi.
Mickael ap gen bò kote l plizyè gwo aktè nan endistri mizikal entènasyonal ka tankou : Danny « Creatah » Sengers (World A Reggae), Raphael « Ruffie » Siddique (Summer Jam Festival), Bernd « Sheriff » Lagemann (Reggae Jam Festival), Mattia (Warrior Sound Ent) ak Ben Ryan (City Splash Festival).
« Island Music Conference » se pral tou yon aktivite pou fè rezotaj, pataje eksperyans, fè alyans, elaji baz konesans yo, ekspoze nouvèl mizik ak nouvo talan yo. Konferans sa a sèvi kòm espas enfòmasyon pou atis ak yon pakèt pwofesyonèl nan mizik.

