Depi samdi 14 fevriye pase a, Depatman Sekirite Enteryè fèmen “pasyèlman”. Sa rive aprè Kongrè a pat jwenn ase vòt pou apwouve bidjè finansman pou enstitisyon sa a. Demokrat ak Repibliken pa rive antann yo, jiskaske finansman DHS vin ekspire. Sa ki lakoz gen divès antite tankou FEMA, TSA, Gad-Kot… ki yo menm depann de DHS, ki pap ka fonksyone, e pap ka peye anplwaye.
Palmantè Demokrat yo ki deside bòykote vòt bidjè pou DHS la, egzije pou ICE chanje fason yap aplike lalwa sou imigrasyon nan peyi a. Lamezon Blanch te rantre an negosyasyon ak Palmantè Demokrat yo, men sa pa abouti ak anyen. Nap presize, menm si gen “shutdown”, gen ajans tankou CBP avèèk ICE kap mwens afekte, yap ka kontinye travay epi peye anplwaye yo, paske yo te gentan gen finansman ki te apwouve ane pase.
Jiska jodi lendi a, pa gen okenn siy ki montre ap gen yon antant. Medya amerikekn yo di DHS ka rete fèmen pasyèlman pou pi piti 10 jou, paske Kongrè a se jis aprè 23 fevriye yap tounen.
Sous/CNN, CBS News

