Author: Luckson Saint-Vil

Se te yon piblikasyon anpil entènòt pat renmen. Malgre admirasyon yo pou atis la, sa pat anpeche yo kritike entèvansyon sa ki, selon yo menm, pat gen plas li nan yon moman drapo peyi a tap flote nan yon evènman mondyal tankou « Super Bowl ». « Drapo Ayiti parèt nan Sipèbòl, sal chanje…? », yon kòmantè Kenny Haiti te oblije efase, epi mande padon aprè. « Avan nou mete pou mwen, m wete l papa. Padon souple. Viv Ayiti nan Sipèbòl », se sa atis la ekri aprè. Nan yon lòt piblikasyon, Kenny montre li pat vrèman konnen si…

Read More

Se yon pèfòmans ki pral make istwa Super Bowl la. Soti nan kòmansman jis rive nan finisman, espektak la te chaje ak mesaj politik. Dekò, abiman, drapo diferan peyi nan Amerik Latin ak Karayib la ki tap flote pami yo Ayiti, Bad Bunny voye yon mesaj pou di, tout peyi sa yo ansanm se « Amerika ». Anplis de sa, atis Potoriken an ki sot pran « Grammy Awards » ane sa a, voye yon mesaj lanmou. « Sèl bagay ki pi puisan ke RAYIMAN, se LANMOU », se sa nou te ka li nan yon gwo afich ki te…

Read More

Tranblemann tè sa a pase blòk 7:00 nan maten, dimanch 8 fevriye 2026, ant Kiba ak Ayiti. Selon enfòmasyon ki disponib, tè a te kòmanse tranble nan nivo Baracoa ak Guantanamo, nan zòn Ès peyi Kiba, epi moun te ka santi sekous yo an Ayiti, nan depatman tankou Sid ak Lwès. Divès sitwayen nan rejyon sa yo te panike, e gentan kouri kite anndan kay yo, sizanka te gen dega. Depi aprè tranblemann tè 12 janvye 2020 la, ekspè yo pa janm sispann alète popilasyon sou posibilite pou ta gen yon lòt gwo tranbleman, akoz plizyè fay ki travèse Ayiti.…

Read More

Se Direktè Police Nationale d’Haiti – PNH la, André Jonas Vladimir Paraison ki resevwa materyèl sa yo, jedi 5 fevriye 2026 lan. « Nou resevwa twa (3) cha blende ak chènn, yon don peyi Kore Disid, nan kad koperasyon ak gouvènman Ayisyen. Cha blende sa yo pral sèvi nan batay kont gang teworis yo », se sa enstitisyon polisyè a ekri sou tout platfòm rezo sosyal li yo. Daprè enstitisyon lapolis la, blennde sa yo gen teknoloji avanse ki fè pou penetre nan zòn danjere. Chak nan blennde sa yo gen 6 materyèl pou lanse grenad, ki ka tire jiska…

Read More

« VIP » – Voix des Indépendants Patriotes, se inisyativ yon gwoup jounalis ki di yo fache jan yon bann politisyen tradisyonèl gaspiye peyi an. « Nou pwopoze yon egzekitif monosefal ak prezans Didier Alix Fils Aimé. Lap rete sou pouvwa jis an Me 2027 ». Daprè sa Prezidan an fè konnen, ap gen remaniman nan gouvènman san prezans pati politik ki te deziye manm yo nan konsèy prezidansyèl la. Jounalis Elysee Jean Baptiste ki tap prezante pwopozisyon an, di KEP an tap gen pou misyon pase men nan kalandriye an pou elskyon fèt komansman Ane 2027 la. « Nouvo…

Read More

Dam nan rele Nancy Guthrie. Li abite Tucson, Arizona. Yo pa wè li depi 31 janvye 2026. Jiskaprezan, otorite yo poko ka idantifye ki moun ki pran Nancy, e kibò li ye. Pima County Sheriff’s Department konfime se yon kidnapping, e FBI ofri $50,000 a nenpòt moun ki ede yo jwenn viktim nan. Yo ka rele 911 oubyen rele yo nan nimewo sa a : 520-351-4900. Fanmi Mme Guthrie di yo enkyete, e mande kidnapè yo « tanpri pou ba yo garanti li toujou la ». « Silvouplè, rantre an kontak avè nou. Nou pare pou nou pale. Nou vle konnen…

Read More

Aprè yon bon ti tan san okenn vòl depòtasyon sou Ayiti, gouvènman ameriken an rekòmanse voye Ayisyen tounen nan peyi yo. Jedi 5 fevriye a, yon total 132 migran Ayisyen depòte nan ayewopò Okap. “Pami moun sa yo, gen plizyè ki te rantre Etazini nan kad pwogram Biden nan, men tout kèk lòt ki te sou TPS”, se sa Kerlande Desauguste, responsab rejyonal Ofis Nasyonal Migrasyon an deklare nan mikwo Gerard Maxineau pou Media Max, nan vil Kap Ayisyen. Biwo ONM nan fè konnen, chak rapatriye resevwa 5,000 goud kòm èd transpò, dlo, bwason ak yon sandwich. Menm jou a…

Read More

USCIS di yo okouran de òdonans Jij Ana Reyes pran pou bloke desizyon yo a, men yo fè konnen yo pa dakò. Menm si yo konteste òdonans lan, sèvis imigrasyon amerikèn anonse nan yon alert yo pibliye sou sit ofisyèl yo, estati benefisyè TPS yo rete menm jan an, e tout kat travay anba TPS toujou rete valid jiska nouvèl òd. Paralèlman, administrasyon Trump lan pa pèdi tan, yo gentan pase a laksyon. Ofisyèlman, yo fè apèl de desizyon jij la, devan Lakou Dapèl nan Washington, jedi 5 fevriye 2026 la, pou konteste òdonans Jij Ana C. Reyes te pran…

Read More

Videyo sa ki te pibliye sou platfòm pèsonèl Prezidan an ki se « Truth Social » fè gwo deba Etazini. Anpil moun kalifye sak pase a de « zak rasis ». Plizyè palmantè, pami yo Repibliken, mande pou Donald Trump prezante eskiz a Barack Obama ak tout Madanm li. Anviwon 12zèd tan aprè piblikasyon an, videyo a efase. Lamezon Blanch reyaji : « Videyo ki pibliye a se yon videyo ki fèt sou entènèt, ki reprezante Trump kòm yon Wa nan yon jungle, e demokrat yo kom pèsonaj Wa Lyon », se konsa Pòt-pawòl Lamezon Blanch eksplike l. Karoline Leavitt…

Read More

Nan yon entèvyou ekliziv li bay medya NBC News, Prezidan Donald Trump di yo bezwen itilize yon apwòch ki “pi dous, pi nice”, pou fè operasyon imigrasyon yo. Sepandan Chèf leta a di ajan ICE yo ap kontinye chache epi arete imigran san papye ki se kriminèl, e ki reprezante yon danje pou Etazini. Donald Trump di li pran leson de sak pase nan Minnesota a, kote gen 2 sitwayen ameriken ki mouri, nan kad gwo mouvman pwotestasyon anti-ICE ki genyen nan Eta sa a.

Read More