Author: Luckson Saint-Vil

Nan yon nòt ki soti samdi 14 fevriye 2026, sou sit ofisyèl « E-Verify », ki se platfòm kote antrepriz oubyen konpayi yo al verifye elijibilite yon travayè pou travay Etazini, USCIS di parapò a desizyon jij Ana Reyes la, validite kat travay moun TPS yo rete jiska 15 Mas 2026. Nòt sa gen pou objektif : « eklèsi konfizyon ki te genyen nan mitan anplwayè yo, konsènan dat ekspirasyon dokiman otorizasyon travay yo ». Anpil antrepriz te gentan kontakte ajans lan pou eksprime difikilte yo te genyen pou verifye elijibilite travay anplwaye ki se benefisyè TPS yo, paske potko gen…

Read More

Se te yon « Madison Square Garden Theater » ranpli, ki te akeyi nouvèl edisyon « Konpa en Symphony » sa a, samdi 14 fevriye 2026 la. Jèn kou granmoun, Ayisyen kou etranje… yo tout te fè deplasman pou vin viv yon eksperyans san parèy, kote konpa a tap jwe nan yon lòt nivo, sou yon lòt podyòm entènasyonal. Daprè sa plizyè medya ki te sou plas fè konnen, Nu-Look Nation te ofri yon prestasyon elegan, puisan, avèk entèpretasyon divès megahit gwoup la genyen. Konsè sa a montre yon lòt fwa ankò, konpa a kapab ekspoze sou lòt platfòm, sa…

Read More

Depi samdi 14 fevriye pase a, Depatman Sekirite Enteryè fèmen “pasyèlman”. Sa rive aprè Kongrè a pat jwenn ase vòt pou apwouve bidjè finansman pou enstitisyon sa a. Demokrat ak Repibliken pa rive antann yo, jiskaske finansman DHS vin ekspire. Sa ki lakoz gen divès antite tankou FEMA, TSA, Gad-Kot… ki yo menm depann de DHS, ki pap ka fonksyone, e pap ka peye anplwaye. Palmantè Demokrat yo ki deside bòykote vòt bidjè pou DHS la, egzije pou ICE chanje fason yap aplike lalwa sou imigrasyon nan peyi a. Lamezon Blanch te rantre an negosyasyon ak Palmantè Demokrat yo, men…

Read More

Se te yon piblikasyon anpil entènòt pat renmen. Malgre admirasyon yo pou atis la, sa pat anpeche yo kritike entèvansyon sa ki, selon yo menm, pat gen plas li nan yon moman drapo peyi a tap flote nan yon evènman mondyal tankou « Super Bowl ». « Drapo Ayiti parèt nan Sipèbòl, sal chanje…? », yon kòmantè Kenny Haiti te oblije efase, epi mande padon aprè. « Avan nou mete pou mwen, m wete l papa. Padon souple. Viv Ayiti nan Sipèbòl », se sa atis la ekri aprè. Nan yon lòt piblikasyon, Kenny montre li pat vrèman konnen si…

Read More

Se yon pèfòmans ki pral make istwa Super Bowl la. Soti nan kòmansman jis rive nan finisman, espektak la te chaje ak mesaj politik. Dekò, abiman, drapo diferan peyi nan Amerik Latin ak Karayib la ki tap flote pami yo Ayiti, Bad Bunny voye yon mesaj pou di, tout peyi sa yo ansanm se « Amerika ». Anplis de sa, atis Potoriken an ki sot pran « Grammy Awards » ane sa a, voye yon mesaj lanmou. « Sèl bagay ki pi puisan ke RAYIMAN, se LANMOU », se sa nou te ka li nan yon gwo afich ki te…

Read More

Tranblemann tè sa a pase blòk 7:00 nan maten, dimanch 8 fevriye 2026, ant Kiba ak Ayiti. Selon enfòmasyon ki disponib, tè a te kòmanse tranble nan nivo Baracoa ak Guantanamo, nan zòn Ès peyi Kiba, epi moun te ka santi sekous yo an Ayiti, nan depatman tankou Sid ak Lwès. Divès sitwayen nan rejyon sa yo te panike, e gentan kouri kite anndan kay yo, sizanka te gen dega. Depi aprè tranblemann tè 12 janvye 2020 la, ekspè yo pa janm sispann alète popilasyon sou posibilite pou ta gen yon lòt gwo tranbleman, akoz plizyè fay ki travèse Ayiti.…

Read More

Se Direktè Police Nationale d’Haiti – PNH la, André Jonas Vladimir Paraison ki resevwa materyèl sa yo, jedi 5 fevriye 2026 lan. « Nou resevwa twa (3) cha blende ak chènn, yon don peyi Kore Disid, nan kad koperasyon ak gouvènman Ayisyen. Cha blende sa yo pral sèvi nan batay kont gang teworis yo », se sa enstitisyon polisyè a ekri sou tout platfòm rezo sosyal li yo. Daprè enstitisyon lapolis la, blennde sa yo gen teknoloji avanse ki fè pou penetre nan zòn danjere. Chak nan blennde sa yo gen 6 materyèl pou lanse grenad, ki ka tire jiska…

Read More

« VIP » – Voix des Indépendants Patriotes, se inisyativ yon gwoup jounalis ki di yo fache jan yon bann politisyen tradisyonèl gaspiye peyi an. « Nou pwopoze yon egzekitif monosefal ak prezans Didier Alix Fils Aimé. Lap rete sou pouvwa jis an Me 2027 ». Daprè sa Prezidan an fè konnen, ap gen remaniman nan gouvènman san prezans pati politik ki te deziye manm yo nan konsèy prezidansyèl la. Jounalis Elysee Jean Baptiste ki tap prezante pwopozisyon an, di KEP an tap gen pou misyon pase men nan kalandriye an pou elskyon fèt komansman Ane 2027 la. « Nouvo…

Read More

Dam nan rele Nancy Guthrie. Li abite Tucson, Arizona. Yo pa wè li depi 31 janvye 2026. Jiskaprezan, otorite yo poko ka idantifye ki moun ki pran Nancy, e kibò li ye. Pima County Sheriff’s Department konfime se yon kidnapping, e FBI ofri $50,000 a nenpòt moun ki ede yo jwenn viktim nan. Yo ka rele 911 oubyen rele yo nan nimewo sa a : 520-351-4900. Fanmi Mme Guthrie di yo enkyete, e mande kidnapè yo « tanpri pou ba yo garanti li toujou la ». « Silvouplè, rantre an kontak avè nou. Nou pare pou nou pale. Nou vle konnen…

Read More

Aprè yon bon ti tan san okenn vòl depòtasyon sou Ayiti, gouvènman ameriken an rekòmanse voye Ayisyen tounen nan peyi yo. Jedi 5 fevriye a, yon total 132 migran Ayisyen depòte nan ayewopò Okap. “Pami moun sa yo, gen plizyè ki te rantre Etazini nan kad pwogram Biden nan, men tout kèk lòt ki te sou TPS”, se sa Kerlande Desauguste, responsab rejyonal Ofis Nasyonal Migrasyon an deklare nan mikwo Gerard Maxineau pou Media Max, nan vil Kap Ayisyen. Biwo ONM nan fè konnen, chak rapatriye resevwa 5,000 goud kòm èd transpò, dlo, bwason ak yon sandwich. Menm jou a…

Read More