Gouvènman Ayisyen an anonse yo deplwaye 2 nouvo kamyon ponpye, youn nan ayewopò Okap, ak youn nan ayewopò Pòtoprens. Aksyon sa a, selon yon nòt Primati mete deyò, 11 avril 2026 la, rantre nan kad ranfòsman sekirite nan ayewopò yo.
Ekip an plas la di demach sa enskri tou nan kad yon vizyon estratejik ki vle ranfòse gouvènans ibèn epi modènize enfrastrikti piblik yo. “Atravè Ministè TRavo Piblik, leta Ayisyen franchi yon etap enpòtan , lè yo mete nouvo kamyon anti-ensandi ak sovtaj sa yo an sèvis, pou prensipal ayewopò peyi a”, se sa Premye minis Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé ekri.
Gouvènman an di aksyon sa montre detèminasyon yo pou ranfòse sekirite, souverènte lojistik ak kredibilite Ayiti sou sèn entènasyonal la.

