Chèf gouvènman Ayisyen an di li vrèman tris aprè sak pase nan Citadelle Henry a nan Milot, samdi 11 avril 2026 la, pandan yon aktivite kiltirèl e touristik divès jèn tap fè.
“Fas ak sitiyasyon douloure sa a, otorite nasyonal yo eksprime emosyon ak tristès yo. Gouvènman an adrese kondoleyans sensè yo ak fanmi viktim yo, e nou solidè avè yo nan moman dèy ak gran soufrans sa a”, se sa Premye minis lan ekri.
Nan yon kominike li mete deyò, Alix Didier Fils-Aimé fè konnen tout otorite konpetan yo mobilize epi plase nan eta alèt maksimal, nan lide pou pote asistans, swen ak sipò san delè a moun ki afekte yo, men tou a pwòch yo.
PM nan di gouvènman an ap swiv sitiyasyon an avèk anpil atansyon, e mande popilasyon an pou rete kalm, epi pridan, pandan li menm lap tann rezilta ankèt ki lanse a, pou ka etabli sikonstans egzat dram sa a.

