Ofisyèlman, Pierre Réginald Boulos kite sant detansyon Chrome, Miami, byen bonè maten madi 7 avril 2026 la. Om dafè Ayisyen an deyò, kèk jou aprè jij imigrasyon Jorge Perreira fin bay yon òd depòtasyon pou li. Roudolph Boulos ki se frè konsène a, konfime nouvèl la, men pat an mezi pou di nan ki peyi li prale.
Kolonbi ? Meksik ? Destinasyon final Boulos toujou pa klè. Sepandan, nan yon foto divès medya pataje, LSV Media Production pa rive verifye otantisite l, ou ka wè ansyen lidè pati politik MTV-Haiti a anndan yon avyon, kap souri, avèk yon dam chita bò kote l.
Daprè sa yon avoka imigrasyon fè nou konnen, yon prizonye ka pa aksepte yo depòte l nan yon peyi, depi li montre lavi li ap andanje si li mete pye l nan peyi sa a. « Pou destinasyon final li, fòk prizonye a pwouve tou ke peyi li prale a aksepte akeyi l », se sa pwofesyonèl imigrasyon an di nou. Sepandan, toujou gen anpil flou sou pwosedi ki fè Boulos soti nan prizon ICE la, epi kite teritwa ameriken an.
Nap raple, Etazini te arete Pierre Réginald Boulos 17 jiyè 2025, lakay li nan rejyon Palm Beach, Florida, sou akizasyon ki gen pou wè a vyolasyon lalwa sou imigrasyon. Administrasyon Trump lan te akize li tou pou enplikasyon li nan yon kanpay vyolans epi sipò a gang ki kontribye nan destabilizasyon Ayiti.
Sous/Haitian Times, Gazette Haiti, Tele Image.-

