Responsab kesyon fwontyè nan administrasyon Trump lan, Tom Homan, nan kad 2 entèvyou li bay sou CNN ak Fox News, dimanch 22 mas 2026 la, konfime gen ajan ICE kap deplwaye nan ayewopò yo Ozetazini, jan Prezidan an te vle sa.
« Nap elabore yon plan jodi a ak Direktè pa enterim ICE la, Todd Lyons, epi Administratris pa enterim TSA a Ha Nguyen McNeill, pou nou ka detèmine ki pòs ki pi apwoproye pou ajan yo nan ayewopò yo. Plan sa ap finalize jodi dimanch lan, e lap kòmanse aplike lendi », se sa M. Homan deklare.
Sepandan, responsab kesyon fwontyè a di li pa wè ajan ICE ki pral jere kesyon aparèy kap eskane vwayajè, paske yo pa resevwa fòmasyon nan domèn sa. « Gen sèten tach sekirite aktyèlman ajan TSA yo konn egzekite, nou ka dechaje yo pou n ka afekte yo nan yon seri misyon espesyalize, nan lide pou fè liy yo bouje », deklarasyon Tom Homan.
Men pou anpil moun ki doute sou kapasite ajan ICE pou asiste ajan TSA nan ayewopò yo, Direktè Depatman Transpò a, Sean Duffy deklare, e nap site : « Ajan yo antrene pou sa, e yo ka travay bò kote ajan TSA yo nan domèn sekirite ».
Sous/Fox News, CNN.-

