Osnel Espérance (Radio-Télé Uni FM) ak Junior Célestin (Radio-Télé Megastar). Se non 2 jounalis sa yo ki disparèt depi 13 mas 2026, nan Pòtoprens. Enfòmasyon ki disponib fè konnen se ta gang ak zam ki afilye a kowalisyon kriminèl « Viv Ansanm » ki kidnape yo, san yo pa rantre an kontak a fanmi yo.
Nan yon konferans pou laprès fanmi yo bay, lendi 16 mas 2026 la, yo fè konnen yo endiye, e gen gwo enkyetid aprè kidnapping sa a. « Map priye nou an gras. Si jounalis yo koupab de yon bagay, map mande nou padon pou yo », se konsa yon pwòch jounalis Osnel Espérance pale ak bandi yo, avèk dlo nan je.
Pandan konferans lan, manm fanmi travayè laprès yo lanse yon apèl dirèk a gang yo, pou mande yo libere jounalis yo, si yo ta vivan toujou. Responsab Radio-Télé Uni FM ak Radio-Télé Megastar yo di yo gen gwo kè kase, parapò a silans ki gen sou dosye a.
Depi wikenn pase, gen rimè kap sikile sou rezo sosyal yo, kòmkwa yo ta touye 2 jounalis yo. Sepandan, Direktè Radio-Télé Uni FM nan Jocelyn Perez la mande pou tout moun pridan parapò ak enfòmasyon sa a, ki poko konfime. Selon li menm, pa gen okenn sous fyab ki pèmèt yo konfime pawòl sa a.
Nap presize, disparisyon jounalis yo vini, 24èd tan aprè yon gwo operasyon Lapolis tap mennen nan divès zòn gang 5 segonn yo nan Village de Dieu kontwole.
« Reporter Sans Frontières » kondane kidnapping Osnel Espérance ak Junior Célestin, e di yo vrèman pè pou lavi yo. « Nou egzije otorite Ayisyèn yo pou yo aji kounya menm, pou detèmine kibò jounalis yo ye, epi fè tout sa yo konnen pou yo rejwenn fanmi ak pwòch yo vivan », se sa Artur Romeu, Direktè Biwo Amerik Latin RSF la deklare, nan yon kominike.
Sous/Le Nouvelliste, RSF.-

