Nan kad misyon li ki se rekonekte timoun ki adopte ak paran byolojik yo, òganizasyon Voie d’Espoir reyalize nan vil Okay, 23 fevriye 2026 la, yon seremoni pou fè tès ADN pou manman ak papa ki gen pitit yo te bay nan adopsyon.
« Rapwoche/Konekte », se non inisyativ sa a kap reyalize nan tèt kole ak Plan Kiskeya – reuniting parents and children from Haïti, yon òganizasyon Olandèz, ki akonpanye adopte ki dorijin Ayisyèn yo, e kap chache fanmi byolojik yo. Sou yon santèn fanmi ki te fè deplasman nan Okay, gen tès ADN ki reyalize pou plis pase 50 manman ak papa.
ADN sa yo kolekte nan lide pou ka etabli korespondans jenetik ak timoun ki te adopte aletranje yo. Aktivite sa a te pèmèt paran sa yo pataje istwa yo ak responsab òganizasyon « Voie d’Espoir », ki gen pou wè ak plizyè lane dezespwa depi adopsyon pitit yo te fèt. « Etap syantifik sa a reprezante yon levye konkrè lespwa ak koneksyon », se sa òganizasyon an ekri, nan yon kominike.
Nap presize, echantiyon ki kolekte yo ap gen pou ale nan laboratwa FamilyTreeDNA, pou analiz. Rezilta yo ap gen pou aksesib atravè platfòm sekirize antrepriz sa a, kap pèmèt adopte ki fè tès ADN yo deja, idantifye pwobableman korespondans byolojik yo.

