Daprè sa 2 medya sa yo rapòte, administrasyon Trump lan anvizaje pou pran yon dekrè oubyen adopte yon seri mezi, pou oblije tout bank Ozetazini, mande kliyan yo (ansyen oubyen nouvo), enfòmasyon sou sitwayènte yo.
The Wall Street Journal di, mezi sa a kapab oblije bank yo mande nouvèl kategori dokiman tankou paspò oubyen ID, ki montre nasyonalite kliyan yo. Yon sous di jounal la, kliyan yo ap gen pou bay dokiman sa yo, si yo ta swete konsève kont bankè yo genyen Etazini an. Paralèlman, gen yon sous ki fè konnen, dirijan bank yo pè pou yon dekrè konsa pa vin kontrenn yo jwe yon wòl nan politik administrasyon an ap mennen pou depòte migrans an papye.
« Se ap yon moze desizyon. Nou vrèman enkyè », se sa yon sous nan sektè finansye a di CNN. Sepandan, yon lòt sous di CNN, plan an poko finalize, e gen lòt opsyon ak zouti jiridik Lamezon Blanch ap etidye nan sans sa a. Otorite yo nan Washington bò kote pa yo pa ni konfime, ni di se pavre.
Men Kush Desai ki se yon Pòt-pawòl Lamezon Blanch, fè konnen « tout enfòmasyon konsènan yon kèlkonk desizyon politik ke yo poko ofisyèlman anonse, rete nan kad pawòl ki san fondman ».
Sous/Bloomberg

