Li se te youn nan anplwaye ki tap defann san gade dèyè, tout aksyon ajan ICE yo ap fè nan kad aplikasyon lalwa sou imigrasyon, depi lè Donald Trump pran pouvwa a. McLaughlin ki se te tou Sekretè Adjwen pou Zafè Piblik, te kòmanse planifye pou l te ale depi mwa desanm 2025, men li di lap pouse l pou 2026, se sa Depatman Sekirite Enteryè di medya NPR.
Jiskaprezan, pa gen moun ki konnen eske se nan yon lòt ajans li prale, oubyen lap kite gouvènman an nèt. Responsab DHS la konfime nouvèl la, e pwofite fè elòj Tricia McLaughlin, li prezante kòm yon anplwaye ki te sèvi avek yon devouman, epi yon pwofesyonalis eksepsyonèl. « Sevre nou tris pou nou tande li prale, men nou rekonesan pou sèvis li, e nou swete li siksè », se sa Kristi Noem ekri sou kont Twitter(X) ofisyèl li.
Prensipal Pòt-pawòl DHS la anonse lap kite djòb la, nan yon moman kote enstitisyon an ap resevwa anpil kritik sou fason ajan federal yo ap fè operasyon imigrasyon yo sou teren an.
Sous/NPR
Foto/NBC 5 Chicago

