Se te yon « Madison Square Garden Theater » ranpli, ki te akeyi nouvèl edisyon « Konpa en Symphony » sa a, samdi 14 fevriye 2026 la. Jèn kou granmoun, Ayisyen kou etranje… yo tout te fè deplasman pou vin viv yon eksperyans san parèy, kote konpa a tap jwe nan yon lòt nivo, sou yon lòt podyòm entènasyonal.
Daprè sa plizyè medya ki te sou plas fè konnen, Nu-Look Nation te ofri yon prestasyon elegan, puisan, avèk entèpretasyon divès megahit gwoup la genyen. Konsè sa a montre yon lòt fwa ankò, konpa a kapab ekspoze sou lòt platfòm, sa ki ka pèmèt lòt nasyon konnen epi konsome tandans mizikal Ayisyèn sa a.
Youn nan sipriz sware a se te megastar Wyclef Jean, ki te vin chante sou sèn nan bò kote Arly Lariviere, anndan yon espas ki gen yon kapasite plis pase 5,600 plas.
Sous/Max Reports

