Se Direktè Police Nationale d’Haiti – PNH la, André Jonas Vladimir Paraison ki resevwa materyèl sa yo, jedi 5 fevriye 2026 lan. « Nou resevwa twa (3) cha blende ak chènn, yon don peyi Kore Disid, nan kad koperasyon ak gouvènman Ayisyen. Cha blende sa yo pral sèvi nan batay kont gang teworis yo », se sa enstitisyon polisyè a ekri sou tout platfòm rezo sosyal li yo.
Daprè enstitisyon lapolis la, blennde sa yo gen teknoloji avanse ki fè pou penetre nan zòn danjere. Chak nan blennde sa yo gen 6 materyèl pou lanse grenad, ki ka tire jiska 120 grenad chak minit. Materyèl sa ka pèmèt fòs lòd yo itilize katouch silansye, fimijèn ak gaz lakrimojèn.
Yo gen yon blenndaj ki ranfòse, ki ka reziste a zam gwo kalib, dife, koktèl molotòv ak eksplozif. Chèn ki anba blennde sa a ka pèmèt li deplase sou teren ki difisil oubyen kote wout la pa bon ditou.
Sous/Passion Info Plus
Foto/PNH

