Nan yon entèvyou ekliziv li bay medya NBC News, Prezidan Donald Trump di yo bezwen itilize yon apwòch ki “pi dous, pi nice”, pou fè operasyon imigrasyon yo.
Sepandan Chèf leta a di ajan ICE yo ap kontinye chache epi arete imigran san papye ki se kriminèl, e ki reprezante yon danje pou Etazini.
Donald Trump di li pran leson de sak pase nan Minnesota a, kote gen 2 sitwayen ameriken ki mouri, nan kad gwo mouvman pwotestasyon anti-ICE ki genyen nan Eta sa a.

