Biwo Gouvènè Maura Healey fè apèl sa a, nan yon nòt ki soti kèk èd tan aprè desizyon jij la sou TPS la, pou enfòme antrepriz yo, benefisyè Ayisyen yo ka kontinye travay legalman.
« Kèm avèk kominote Ayisyèn nan, ak lòt kominote yo, administrasyon Trump lan ap atake », deklarasyon Gouvènè Massachusetts la, ki raple li te voye yon lèt bay Chèf DHS la Kristi Noem semèn pase a, pou mande li pwolonje TPS la pou Ayiti.
Gouvènè Healey se youn pami plizyè otorite lokal ki souvan ap sipòte kominote Ayisyèn nan, nan Massachussets.
Sous/Office of Governor Maura Healey

