Administrasyon Trump lan pa deside bay vag. Yo anonse yo pral fè apèl de desizyon jij Ana C. Reyes pran anfavè TPS pou Ayisyen yo.
Pòt-pawòl DHS la reyaji sou kont Twitter(X) ofisyèl li anviwon 1èd tan, li di : « Nap kwaze nan Lakou Siprèm ! ». Nan piblikasyon sa a Tricia McLaughlin fè, nan sware lendi 2 fevriye 2026 la, li fè konnen, TPS Etazini te bay Ayiti a se te aprè tranblemann tè a. Li di kounya sa gen plis pase 15 lane, paka gen TPS ankò.
« Tanporè vle di tanporè. E dènye mo a se pa yon jij militan ki rete sou ban yon tribinal kap pran l », deklarasyon Pòt-pawòl Depatman Sekirite Enteryè a, ki kalifye jij la de « aktivis san lwa ».
Sous/Tricia McLaughlin/X

