Antrenè seleksyon nasyonal Ayisyèn foutbòl senyò a, Sebastien Migné, konfime jwè entènasyonal Wilson Isidor dakò vin jwe pou Ayiti, aprè plizyè mwa echanj. Antrenè a ki tap patisipe nan yon konferans pou laprè “a distans”, madi 17 mas 2026 la, fè konnen Franko-Ayisyen an fè pati lis jwè kap gen pou jwe 2 pwochen match amikal, 28 ak 31 mas kap vini la nan peyi Kanada.
“Chè zanmi, frè ak sè Ayisyen mwen yo. Mwen ekri nou jodi a pou m anonse nou, mwen pran desizyon m pou reponn pozitivman ak apèl ekip nasyonal la. Mwen te pran tan pou m reflechi. Mwen te wè tout mesaj nou yo. Mwen fyè pou m fè pati seleksyon an, e pou m kapab fè lonè pèp nou, ak nasyon nou”, se sa Isidor ekri. Dayè, nan yon videyo Federasyon Ayisyèn Foutbòl la pibliye sou diferan platfòm rezo sosyal li yo, ou ka wè Isidor li menm kap anonse nouvèl la, ak vwa pa l.
Wilson Isidor gen 25 lane. Li fèt, e grandi nan peyi Lafrans. Li se Fransè, men paran li se Ayisyen. Li te nan difikilte pou l fè chwa, paske l te espere fè pati lis konvoke yo nan ekip Fransèz la.
Isidor ap jwe nan ekip “Sunderland FC”, ki nan premyè divizyon nan peyi Angletè. Klèb li a twouvel pou kounya nan 13e plas nan klasman chanpyona a.
Vini Izidor nan ekip nasyonal Ayisyèn nan, se yon bagay anpil Ayisyen tap reklame sou rezo sosyal yo, parapò ak talan li toujou montre nan klèb li. Yon nouvèl anpil fanatik foutbòl byen akeyi.
Sous/FHF.-

