Se ofisyèl ! Depatman kap jere kesyon sikilasyon machin nan Florida,resevwa enstriksyon fòmèl pou renouvle lisans benefisyè TPS yo.
Daprè sa yon sous nan youn nan DMV yo fè LSV Media konnen, ajan yo ka renouvle lisans lan pou kategori migran sa yo pou 15 mas 2026 sèlman, ki se menm dat validasyon kat travay yo. Nap raple, pou yon chofè renouvle lisans (Class E) li nan Florida, lap peye $48.
Si moun sa vin renouvle li anreta, lap oblije peye $15 anplis kòm (late fee). Sa vle di, moun TPS yo pral gen pou peye plis pase $60 pou fè renouvèlman an. Sepandan, benefisyè TPS ki deja al renouvle yo fè konnen se gratis, men se yon papye yo ba yo pou 25 jou sèlman.
Sous/DMV
Foto/NBC6

