Nan yon nòt ki soti samdi 14 fevriye 2026, sou sit ofisyèl « E-Verify », ki se platfòm kote antrepriz oubyen konpayi yo al verifye elijibilite yon travayè pou travay Etazini, USCIS di parapò a desizyon jij Ana Reyes la, validite kat travay moun TPS yo rete jiska 15 Mas 2026.
Nòt sa gen pou objektif : « eklèsi konfizyon ki te genyen nan mitan anplwayè yo, konsènan dat ekspirasyon dokiman otorizasyon travay yo ». Anpil antrepriz te gentan kontakte ajans lan pou eksprime difikilte yo te genyen pou verifye elijibilite travay anplwaye ki se benefisyè TPS yo, paske potko gen mizajou ki fèt sou sistèm « E-Verify » la.
USCIS mande antrepriz yo pou konsilte sistèm « E-Verify » la regilyèman, pou verifye si gen chanjman nan dat ekspirasyon yo. Dispozisyon sa a reflete nati pwosedi jidisyè ki toujou ap kontinye sou dosye sa a.
Sepandan, nòt la pa di si moun TPS yo ka al renouvle lisans yo.
Sous/CTN, E-Verify

