Yo te mobilize toupatou nan mond lan. Kèlkeswa kote yo te ye, nan lari, nan salon, sou galri, nan gwoup zanmi… Ayisyen yo te branche nan telefòn yo, pou swiv grand final 8e Edisyon “House of Challenge” ki òganize nan peyi Togo, samdi 11 avril 2026 la. Gras ak kado epi tout kalite sipò Ayisyen nan tout kat kwen mond lan, Ayiti bat Kamewoun 3-0, depi nan premye tranch match yo.
“Ouvè wout yo pou mwen tanpri. Depoze zam yo. Fòk mwen pase a twofe a tout kote”, se sa Ariana Milagro Lafond deklare avan match la te fini. Se ak dlo nan je enfliyansez Ayisyèn nan te viv dènye segonn match la, pandan sou tout rezo sosyal yo, sipòte gentan ap selebre.
Touswit aprè match la, te gen yon seremoni ki òganize pou remèt rekonpans a gayan yo. Kòm chanpyòn konpetisyon an, Ariana soti a 20 milyon Franc CFA (Prim), 10 milyon Franc CFA pou pwojè (Startup) li a, yon machin tounèf, ak yon vwayaj byento nan peyi Lachin.
Aprè final la, se pat sèlman sou rezo sosyal fèt la te ye. Nan divès katye nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, espesyalman Petyonvil ak Kafou, sitwayen pran lari, bann ak DJ soti pou selebre viktwa sa a. Pou Ayisyen sa yo, pri sa a Ariana pran an, se yon fason ankò pou te montre mond lan kijan yo se yon pèp solidè.

