Don Lemon, ansyen jounalis CNN ki se kounya yon jounalis endepandan, ak Georgia Fort, yon lòt jounalis endepandan, jwenn arestasyon yo youn aprè lòt, jedi swa epi vandredi maten. Se ajan federal ki arete yo akoz Depatman Jistis akize yo kòmkwa yo ta vyole lalwa federal nan moman yo tap kouvri yon manifestasyon anti-ICE ki tap fèt anndan yon legliz, 18 janvye 2026 la, nan St Paul, Minnesota.
Georgia li menm yo te vin pran l lakay li, yon aksyon li te pataje LIVE kote ajan yo te devan pòt la. Toulède jounalis yo deklare yo pat gen anyen pou wè ak manifestasyon an, se travay yo sèlman yo tap fè jou sa a. Jounalis Don Lemon ki anviwon 30 lane eksperyans, twouve l nan detansyon Los Angeles, e li ta dwe parèt devan jij vandredi 30 janvye a.
Nap raple, Lajistis òdone arestasyon 2 jounalis sa yo, alòske gen yon jij nan lakou federal distrik Minnesota ki te deja rejte akizasyon yo, paske pat gen okenn prèv kòmkwa yo te gen yon konpòtman kriminèl pandan yo tap kouvri manifestasyon sa a.
Pwofesyonèl medya sa yo ta pral libere aprè. Don Lemon gen randevou devan tribinal, 9 fevriye 2026.
Sous/CBS News, New York Times
Foto/Getty Images, MinnPost

