Pandan tout jounen samdi 31 janvye 2026 la, te gen gwo echanj katouch ant Lapolis ak bandi « 400 Mawozo » yo, nan divès lokalite nan komin Kwadèboukè.
Daprè sa yon sous nan lapolis di Passion Info Plus, fòs lòd yo te mete pye yo atè nan zòn tankou : Cité Doudoune, Raquette, Kafou Marasa… pou n site sa yo sèlman. Otorite yo di seri operasyon sa yo ap kontinye, pou kapab pran kontwòl espas kote bandi yo kontwole.
Pandan operasyon sa yo, PNH la tou pwofite ap debloke wout pon Taba-kafou Marassa.
« Fòs lòd yo itilize blennde ak traktè pou bouche twou bandi te fè yo », se sa Police Nationale d’Haiti – PNH ekri sou paj Facebook ofisyèl yo.
Sous/Passion Info Plus – https://passioninfosplus.com/2026/01/croix-des-bouquets-pres-dune-dizaine-de-presumes-bandits-tues-et-2-fusils-saisis/
Foto/Clarens Siffroy (AFP)

