Tranblemann tè sa a pase blòk 7:00 nan maten, dimanch 8 fevriye 2026, ant Kiba ak Ayiti. Selon enfòmasyon ki disponib, tè a te kòmanse tranble nan nivo Baracoa ak Guantanamo, nan zòn Ès peyi Kiba, epi moun te ka santi sekous yo an Ayiti, nan depatman tankou Sid ak Lwès.
Divès sitwayen nan rejyon sa yo te panike, e gentan kouri kite anndan kay yo, sizanka te gen dega.
Depi aprè tranblemann tè 12 janvye 2020 la, ekspè yo pa janm sispann alète popilasyon sou posibilite pou ta gen yon lòt gwo tranbleman, akoz plizyè fay ki travèse Ayiti.
Sous/Passion Info Plus

