Ayisyen sa a rele Emmanuel Damas. Li gen 56 lane. Li te nan “Arizona Immigration Detention Center”. Li tap soufri avèk yon enfeksyon nan dan, ki pat trete. Nan mitan mwa fevriye 2026 la, li te di responsab yo nan sant lan, dan li ap fèm mal, men yo pat janm voye li al wè dantis li.
Emmanuel pral mouri lopital, lendi 2 mas 2026, aprè enfeksyon sa a. Frè viktim nan, Presly Nelson di ABC News, sa pase paske anplwaye sant detansyon an pat pran pawòl sa a oserye. Nelson di jan frè l la mouri a dwòl, e yo pa ta dwe bay moun kondisyon tretman sa a.
Viktim nan te plase an gadavi nan mwa septanm pase a, e yo te transfere l rapidman nan sant koreksyonèl nan zòn Florence, kote li te rete pandan plizyè mwa. Daprè enfòmasyon yo, otorite yo te arete Emmanuel Damas, aprè yo te fin refize demann azil li.
Depatman Sekirite Enteryè poko reyaji sou sa, men ICE te di yap kominike sou sad epi yè mèkredi a. Nap presize, gen pou pi piti 9 migran ki deja mouri nan sant detansyon ICE, ane sa a.
Sous/ABC News.-

