« VIP » – Voix des Indépendants Patriotes, se inisyativ yon gwoup jounalis ki di yo fache jan yon bann politisyen tradisyonèl gaspiye peyi an. « Nou pwopoze yon egzekitif monosefal ak prezans Didier Alix Fils Aimé. Lap rete sou pouvwa jis an Me 2027 ».
Daprè sa Prezidan an fè konnen, ap gen remaniman nan gouvènman san prezans pati politik ki te deziye manm yo nan konsèy prezidansyèl la. Jounalis Elysee Jean Baptiste ki tap prezante pwopozisyon an, di KEP an tap gen pou misyon pase men nan kalandriye an pou elskyon fèt komansman Ane 2027 la.
« Nouvo prezidan tap antre an fonksyon 7 Me 2027 e remèt pouvwa 7 Fevrier 2032 », se sa VIP pwopoze

